BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Ezayi 61:1
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 61 Lespri Jewova, Seyè ki Souvren an, sou mwen+,

      Paske Jewova chwazi m pou m anonse moun ki gen imilite yo bon nouvèl la+.

      Li voye m pou m panse moun kè yo ap fann yo,

      Pou m fè prizonye yo konnen y ap lib,

      E pou m ouvri je prizonye yo byen ouvri+.

  • Women 6:14
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 14 Paske, peche pa dwe domine sou nou, piske nou pa anba lalwa+, men nou anba favè san parèy la+.

  • Women 8:15
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 15 Paske, nou pa t resevwa yon lespri ki fè nou vin esklav e ki fè nou vin pè ankò, men nou resevwa yon lespri ki pèmèt Bondye adopte nou antanke pitit li, e se lespri sa a ki fè n ap di byen fò: “O Papa*, Papa+!”

  • Galat 5:1
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 5 Se pou n te ka jwenn yon libète konsa Kris te libere nou. Se poutèt sa, kenbe fèm+, e pa kite yo mete nou anba jouk esklavaj ankò+.

  • Galat 5:13
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 13 Frè m yo, yo te rele nou pou nou ka gen libète. Sèlman, pa sèvi ak libète sa a kòm yon ankourajman pou nou satisfè dezi lachè+, men se pou nou youn sèvi lòt avèk amou+.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje