LAVI NOU ANTANKE KRETYEN
Louwe Jewova lè w sèvi antanke pyonye
Izrayelit yo te gen gwo rezon pou yo louwe Jewova. Li te fè yo soti ann Ejip e l te delivre yo anba men Farawon ak lame l la (Eg 15:1, 2). Jewova kontinye fè bon bagay pou pèp li a. Kòman n ka montre nou gen rekonesans pou sa? — Sm 116:12.
Youn nan fason w ka fè sa se lè w sèvi kòm pyonye oksilyè oubyen pyonye pèmanan. Ou kapab priye Jewova pou l ba w volonte ak fòs pou w sèvi kòm pyonye (Fp 2:13). Gen anpil frè ak sè ki pran sèvis pyonye oksilyè anvan. Ou ka chwazi pase 30 oubyen 50 èdtan nan travay predikasyon an pandan mwa mas ak avril, epi pandan mwa siveyan sikonskripsyon an ap vizite kongregasyon an. Apre w fin goute jwa ki genyen lè w sèvi kòm pyonye oksilyè, ou gendwa vle fè plis efò pou w sèvi kòm pyonye pèmanan. Menm frè ak sè k ap travay aplentan oubyen ki gen pwoblèm sante reyisi pran sèvis pyonye pèmanan (mwb16.07 8). Se sèten, Jewova merite pou n fè tout sa n kapab pou n louwe l! — 1Kw 16:25.
GADE VIDEYO KI GEN TIT TWA SÈ NAN PEYI MONGOLI, EPI REPONN KESYON KI ANNAPRE YO:
Ki difikilte twa sè yo te jwenn e ki jan yo te byen fè fas ak yo yon fason pou yo te ka vin pyonye?
Ki benediksyon yo te jwenn?
Ki lòt posiblite yo te vin jwenn nan sèvis Jewova a lefètke yo te pyonye pèmanan?
Ki efè egzanp yo te gen sou lòt moun?