Avril : yon epòk ‘ pou nou travay di e pou nou lite ’
1 Semèn avan Memoryal la ak semèn annapre yo, se epòk meditasyon pou pèp Jewova a. Se moman pou nou reflechi avèk atansyon sou sa lanmò Jezi a te akonpli, e pou nou reflechi sou esperans Bondye ban nou an, esperans ki chita sou san Jezi te vèse pou nou an. Pandan w ap reflechi sou 19 avril ane pase, ki sa w sonje ? Èske w sonje figi moun ou te wè nan sware sa a ? Èske w raple w bonjan anbyans espirityèl ki te genyen nan Memoryal la ? Èske w sonje diskou enpòtan ki te baze sou Bib la, èske w sonje priyè frè yo te fè ak tout kè yo ? Petèt ou te pran desizyon pou w demontre tout pwofondè rekonesans ou pou lanmou Jewova ak Jezi Kris genyen pou ou a. Ki efè refleksyon sa yo fè sou ou kounye a ?
2 Se yon bagay ki klè, rekonesans pèp Jewova a depase pale met la (Kol. 3:15, 17). Tou espesyalman avril ane pase, nou te fè efò pou nou demontre apresyasyon nou pou dispozisyon Jewova te pran pou ban nou lavi, lè nou te ogmante aktivite nou nan ministè kretyen an. Se pa milye yo te konte moun ki pyonye oksilyè ann Ayiti, e kantite a te rive 14 % piplis pase ansyen maksimòm nan. Efò pyonye sa yo, ki makònen ak efò lòt pwoklamatè Wayòm yo, te vin fè gen nouvo maksimòm nan kantite lè a, nan kantite peryodik nou distribye, ak nan nouvèl vizit. Nou te vin kontan piplis toujou lè nou te vin wè plizyè milye moun kòmanse etidye Bib la, epi plis pase 4 fwa kantite pwoklamatè nan peyi a vin asiste Memoryal la !
3 Reyèlman vre, esperans solid nou genyen an pouse nou aji. Sa raple nou pawòl Pòl te di nan 1 Timote 4:10 : “ Se pou sa n ap travay di e n ap lite, paske nou mete esperans nou nan yon Bondye vivan, yon Sovè pou tout kalite moun, sitou pou sila ki fidèl yo. ”
4 Nan epòk Memoryal sa a, ki jan w pral demontre lafwa w nan dispozisyon Jewova pran pou bay lavi a ? Avril ane pase, nou te jwenn dezyèm maksimòm nan chif pwoklamatè Wayòm nou te genyen ann Ayiti. Èske nou ka depase kantite sa a ann avril ? Sa pa twòp pou n fè. Men, chak pwoklamatè, kit yo batize, kit yo poko batize, pral bezwen met men. Plizyè nouvo ka vin kalifye pou patisipe tou. Kidonk, pandan n ap planifye pou nou travay di e pou nou lite nan mwa d avril k ap vini an, reflechi tou sou fason nou ka ankouraje lòt moun akonpaye nou, san wete nouvo yo ak moun ki gen mwens eksperyans yo.
5 Ede kèk pwoklamatè reprann aktivite yo : Si nou konnen kèk pwoklamatè ki pa t patisipe nan predikasyon pandan yon mwa oswa de mwa, petèt nou ta ka ankouraje yo patisipe, epi nou ta ka envite yo pou yo akonpaye nou. Si gen moun nan kongregasyon an ki vin inaktif, ansyen yo ap fè yon efò espesyal pou yo vizite yo epi pou yo ankouraje yo rekòmanse ann avril.
6 Nou tout nou dwe kontinye mande Jewova lespri sen li pou li ban nou fòs nan sèvis li a (Lik 11:13). Ki sa nou dwe fè pou nou resevwa lespri sa a ? Se pou nou li Pawòl Bondye enspire a (2 Tim. 3:16, 17). Epitou nou bezwen “ tande sa lespri di kongregasyon yo ” lè nou pran abitid asiste toule senk reyinyon yo chak semèn (Rev. 3:6). Moman kounye a byen tonbe pou nou ede iregilye yo ak inaktif yo pou yo amelyore abitid yo genyen pou yo etidye, epi pou yo asiste reyinyon yo regilyèman (Sòm 50:23). N ap fè sa tout pandan n ap veye sou pwòp sante espirityèl pa nou. Men, gen lòt egzijans ankò.
7 Men sa apot Pyè te eksplike : “ Moun ki obeyi [Bondye] kòm chèf ”, li ba yo lespri sen l (Tra. 5:32). Obeyisans sa a gen ladan l suiv san grate tèt lòd yo bay ‘ pou nou preche pèp la e pou nou bay yon temwayaj afon ’. (Tra. 1:8; 10:42.) Donk, menm si nou bezwen lespri Bondye pou ban nou fòs pou nou preche, tank nou kòmanse demontre nou vle fè Jewova plezi, se tank Jewova ap ede nou plis toujou. Pinga nou janm minimize enpòtans premye etap sa yo nan obeyi san grate tèt !
8 Ede jèn yo : Nou menm paran, èske nou remake aklè pitit nou yo renmen pale de laverite a ak lòt moun ? Èske yo akonpaye nou nan predikasyon ? Èske yo gen bon konduit ? Si se konsa, poukisa pou nou ezite ? Al kot youn nan manm komite sèvis kongregasyon an, epi chèche wè si pitit ou a kalifye pou l vin yon nouvo pwoklamatè ann avril (Gade liv Notre ministère la, p. 99-100). Se pou nou rekonèt timoun nou yo ka kontribye ak tout fòs yo nan kokenn louwanj Jewova pral resevwa nan epòk Memoryal sa a. — Mat. 21:15, 16.
9 Nan Jòji, Ozetazini, te gen yon sè, manman pitit, ki te toujou konn ankouraje jèn pitit fi li a, pou l pale de Jewova ak lòt moun. Ane pase, pandan ti pitit la t ap preche ak manman li, li te plase yon mesye yon bwochi Bondye vle, e li te eksplike l sijè ki ladan l yo an brèf. Mesye a te mande l : “ Ki laj ou ? ” Li reponn : “ Setan ”. Mesye a te sezi wè li fè yon prezantasyon ki gen sans konsa. Mesye sa a te abitye ak Temwen Jewova yo depi l te tou piti, men li pa t janm pran sa oserye pou l kite prensip Temwen Jewova yo gide lavi l. San pèdi tan, ni mesye a, ni madanm li, ni yon pitit fi yo genyen, yo tout te kòmanse etidye Labib.
10 Anpil jèn deja ap preche, e nou kontan akonpaye yo nan sèvis la. Jèn sa yo ka motive e yo ka ankouraje lòt jèn ki gen menm laj ak yo. Mwa d avril se yon bon moman pou fanmi yo vin pi sere kole epi pou yo bati espirityalite yo pandan y ap travay ansanm nan sèvis sakre a. Chèf fanmi yo ta dwe pran latèt nan sans sa a. — Pwo. 24:27.
11 Ede nouvo yo : E nouvo yo n ap etidye Bib la avèk yo a ? Èske yo pa ta ka kontribye nan efò espesyal sa a k ap fèt pandan mwa d avril la ? Petèt, lè nou t ap fè chapit 2 paragraf 22 oswa chapit 11 paragraf 14 nan liv Konesans lan, yo te fè konnen yo ta renmen pale sa y ap aprann nan ak lòt moun. Si nou pa lwen pou n fini liv la ak etidyan nou yo, se pou nou prepare nou pou n fè yon pale sou pwen sa a byen klè lè nou pral fè paragraf 8 nan chapit 18 la. Men sa li di : “ Petèt ou gen anpresman pou w pale de sa w aprann ak fanmi w, ak zanmi w yo oswa ak lòt moun ankò. Anfèt, petèt ou deja kòmanse fè sa menm jan ak Jezi ki te konn pataje bon nouvèl la ak lòt moun nan kad enfòmèl (Lik 10:38, 39 ; Jan 4:6-15). Petèt kounye a ou anvi fè plis. ” Èske pawòl sa yo pa konsène etidyan pa w la ?
12 Si etidyan w lan kwè nan Pawòl Bondye, si l ap mete prensip biblik yo an pratik, si li konfòme vi l selon sa Bondye mande, si l ap asiste reyinyon kongregasyon an, si li vle sèvi Jewova, poukisa w pa ankouraje l pou l al pale ak ansyen yo, ki pral chèche konnen si li ranpli kondisyon k ap pèmèt li vin yon pwoklamatè ki poko batize, epi l ap tou ka travay ansanm avèk ou ann avril ? (Gade liv Notre ministère la, p. 98-9.) Nan konsa, li ka kòmanse verifye pou kont pa l ki jan òganizasyon Jewova a pral soutni l nan efò l ap fè pou l sèvi Jewova.
13 Nou pap nye gen etidyan ki pwogrese pi vit pase lòt. Se sa k fè daprè sa k te di nan paj 4 Ministè Wayòm jen 2000 la, nan paragraf 5-6, anpil pwoklamatè te etidye yon lòt liv avèk moun ki te demontre yo enterese yo, men ki te bezwen plis èd pou yo te vin aktif bò kote nou. Nou pap janm pèdi espwa, “ kit se nan yon ti tan, kit se nan yon tan ki long ”, pou moun ki gen kè onèt sa yo vin tounen disip Jezi Kris toutbonvre (Tra. 26:29). Menmsi kantite mwa ou pase ap etidye ak moun sa yo se “ yon tan ki long ”, ou pa panse epòk Memoryal sa a, se yon bon okazyon pou etidyan w lan demontre pwofondè apresyasyon l pou ranson Kris la ?
14 Fason pou nou ede yo patisipe : N ap konnen jan pou nou ede moun ki kalifye yo pou yo fè premye pa yo nan ministè a, lè nou egzamine ki jan Jezi te konn fòme lòt moun. Li pa t annik chèche yon foul moun epi li di apot li yo yo mèt kòmanse pale ! Pou kòmanse, li te ensiste sou bezwen ki genyen nan travay predikasyon an, li te ankouraje disip li yo pou yo toujou ap lapriyè, e li te pran 3 dispozisyon pou l ede yo : li te ba yo yon patnè, yon tèritwa pou yo preche, ak yon mesaj pou yo anonse (Mat. 9:35-38 ; 10:5-7 ; Mak 6:7 ; Lik 9:2, 6). Ou ka fè menm jan an. Kit w ap etidye ak pitit ou, ak yon etidyan, oswa ak yon moun ki pa t preche depi yon bon ti tan, li ta bon pou w fè yon efò espesyal pou atenn objektif sa yo.
15 Souliye ki bezwen ki genyen : Fè moun nan byen konprann enpòtans travay predikasyon an, yon fason pozitif. Rakonte eksperyans ki montre travay kongregasyon an ap fè nan ministè a. Montre ou gen menm panse Jezi Kris te genyen nan Matye 9:36-38 la. Ankouraje moun w ap fòme pou vin pwoklamatè a, oswa moun ki inaktif la, pou l priye konsènan patisipasyon l nan ministè a, e pou l priye pou travay mondyal la reyisi.
16 Ankouraje moun nan reflechi sou kantite posiblite ki genyen pou preche : Pale de posiblite ki genyen pou nou rankontre ak manm gwoup etid liv la pou n al preche kay an kay. Pale de posiblite pou nou dyaloge ak paran nou, ak moun nou konnen, oubyen ak kamarad lekòl nou oswa kòlèg travay nou pandan poz midi. Lè n ap vwayaje nan transpò piblik, li fasil pou nou annik kòmanse yon konvèsasyon si nou demontre lòt pasaje yo enterese nou. Byen souvan, gen kèk inisyativ nou pran ki konn ouvri pòt pou nou preche kòrèkteman. Toutbonvre, “ de jou an jou ”, gen anpil okazyon pou nou pataje esperans nou an ak lòt moun. — Sòm 96:2, 3.
17 An jeneral, li ta pi bon pou w travay kay an kay ak nouvo pwoklamatè a kou sa posib. Si ou gen objektif pou w ogmante sèvis ou pandan mwa d avril la, mande responsab tèritwa a si gen yon kat tèritwa apwopriye ki disponib. Si w jwenn youn, w ap gen posiblite travay li afon. Paregzanp, pandan w fin preche, oswa w ap deplase pou w al nan reyinyon oswa lòt kote, ou gen dwa remake yon moun nan yon kay kote ou pa t jwenn pèsonn anvan sa. Ou ka sonje tou gen moun ki te montre yo enterese nan kay sa a. Si sa apwopriye, tou pwofite vizite l. W ap gen santiman ou te fè yon travay itil, epi w ap gen kè kontan nan ministè a.
18 Prepare yon mesaj ki atiran : Anvi preche mesaj Wayòm nan se youn, men santi w alèz nan fason w ap transmèt li a, se yon lòt koze, sitou si w nouvo oswa ou gen lontan ou pa t patisipe nan ministè a. Sa vo lapèn pou nou ede nouvo yo ak inaktif yo pou yo prepare sa yo pral di a. Se vre, yo ka jwenn kèk bon lide nan reyinyon sèvis ak nan reyinyon pou predikasyon, men pa gen tankou preparasyon pèsonèl.
19 Ki jan w ka ede nouvo yo pou yo fè preparasyon pou y al preche ? Kòmanse ak prezantasyon peryodik, fè sa yon fason senp, tou kout ! Mande yo pou yo reflechi sou evènman yo bay nan nouvèl, ki aji sou moun nan tèritwa a, epi chèche ki bò yo pale sou sa nan youn nan peryodik nou yo. Fè pratik ansanm ak yo, epi al eksperimante l nan predikasyon kou sa posib.
20 Sèvi ak atou nou genyen an pou ogmantasyon demen : Ane pase, te gen plis pase 14,8 milyon moun nan Memoryal la, tandiske te gen yon tikras plis pase 6 milyon pwoklamatè ki te remèt rapò. Sa siyifi te gen anviwon 8,8 milyon moun ki te enterese opwen pou yo te deplase vin asiste pwogram espesyal sa a, kote yo te tande eksplikasyon sou youn nan pi gwo ansèyman Bib la. Yo te fè konesans ak kèk pami nou, e sa te fè bèl enpresyon sou yo. Anpil nan yo pale an byen de nou, yo bay ofrann pou travay mondyal la, epi yo defann nou devan lòt moun. Pil moun sa yo se yon atou nou genyen pou ogmantasyon demen. Ki sa nou ka fè pou nou ede yo fè plis pwogrè ?
21 Pifò nouvo ki vin asiste Memoryal la, se youn nan nou ki te envite yo. An jeneral, sa siyifi yo gen omwen yon moun yo konnen nan asistans lan. Si nou fin envite yon moun, epi moun nan vini, nou gen responsablite pou nou byen resevwa l epi pou nou ede l pwofite pwogram nan nèt. Piske sal la ap foul, ede l jwenn yon kote pou l chita. Prete l yon Bib, epi envite l suiv nan liv kantik ou. Se pou w reponn tout kesyon li poze. Atansyon pèsonèl ou demontre pou moun sa a kapab jwe yon gran wòl pou kenbe enterè li a. An reyalite, nou tout gen responsablite. Si nou wè yon figi nou pa abitye avè l, fè moun nan konnen nou kontan wè l epi pale avè l pou n fè konesans ak li.
22 Asiste Memoryal kapab enfliyanse panse yon moun toutbonvre. Vini moun nan vini nan reyinyon sa a gen dwa lese nou konprann li pa t jwenn sa l t ap chèche a okenn lòt kote. Sa gen dwa vle di tou nou ofri l yon bagay li ta renmen vin pi byen egzamine. Eksplikasyon sou dispozisyon estwòdinè ki pran pou founi ranson an, gen dwa se yon kokenn revelasyon pou yon moun ki pa gen okenn lide sou lanmou san limit Jewova a. Li ka wè tousuit nou diferan : nou sensè, nou amikal, nou gen lanmou, nou respekte moun. Sal nou yo pa sanble ditou ak sa yo konn wè nan legliz kote ki gen imaj ak yon seri seremoni ki pa gen sans. Nouvo yo pap manke pa remake gen moun ki nan tout kouch sosyal nan asistans lan, epi pa gen lakòlèt ki fèt. Sa kapab enfliyanse yo anpil, pou yo retounen.
23 Apre Memoryal la, nou ta dwe tou pare pou nou ofri èd nou bay tout nouvo ki te vin asiste. Si se nou ki te envite moun sa yo, nou gen yon responsablite espesyal. Avan yo ale, se pou nou verifye si yo okouran gen lòt reyinyon ki abitye fèt nan Sal Wayòm nan. Fè yo konnen tit diskou piblik ki pral fèt la. Di yo ki kote epi ki lè yo fè etid liv ki pi pre lakay yo a. Annapre, fè yo jwenn yon liv Créateur, e tou eksplike yo pou semèn 30 avril la, nou pral pale sou chapit 7 liv sa a ki di : “ Ce qu’un livre peut vous apprendre sur le Créateur ”. Eksplike poukisa tout kongregasyon an ap fè aranjman pou yo asiste asanble distri ki pwograme pou mwa k ap vini yo.
24 Se pou nou fè aranjman pou nou vizite yo lakay yo. Fè yo jwenn yon bwochi Bondye vle ak yon liv Konesans pou yo ka abitye ak ansèyman fondamantal Bib la. Si yo poko ap etidye, tou ofri yo yon etid Labib. Ankouraje yo li bwochi Les Témoins de Jéhovah a, ki eksplike aklè ki jan òganizasyon an fonksyone. Envite yo gade kasèt videyo nou yo, tankou kasèt Our Whole Association of Brothers [Toute la communauté de nos frères]. Fè aranjman pou yo fè konesans ak lòt manm kongregasyon an. Kenbe kontak avèk nouvo yo nan mwa k ap vini yo. Envite yo nan reyinyon lè gen vizit siveyan sikonskripsyon, lè gen asanble sikonskripsyon ak lè gen jounen asanble espesyal. Ba yo tout okazyon pou yo demontre yo “ nan dispozisyon kòrèk pou lavi etènèl la ”. — Tra. 13:48.
25 Sa ansyen yo kapab fè : Pou kokenn efò n ap fè nan mwa d avril sa a reyisi, sa ap depann anpil de ansyen yo. Si w se yon kondiktè etid liv, fè yon lis bagay ou ka fè pou w ede tout moun nan etid liv ou a, pou yo patisipe nan aktivite espesyal sa yo. Èske nan gwoup ou a gen jèn, gen nouvo, gen moun ki iregilye oswa ki inaktif ? Verifye pou w wè si paran yo, pyonye yo, oswa lòt pwoklamatè te gen tan pran inisyativ pou ede yo. Bay èd pèsonèl pa w. Te gen yon sè ki te iregilye nan predikasyon pandan dezan. Avril ane pase, li te fè plis pase 50 èdtan nan predikasyon. Sa k eksplike chanjman sa a ? Sè a di sa k te ede l, se te vizit pastoral ansyen yo te rann li.
26 Ansyen yo ak asistan ministeryèl yo ta dwe kopere pou yo sèten gen kont tèritwa, gen kont peryodik ak piblikasyon nan mwa k ap vini an. Èske nou ka mete lòt randevou predikasyon sou pye ? Si sa posib, fè tout moun konnen aranjman espesyal sa yo. Sa ki pi enpòtan an, nan tout priyè n ap fè, an piblik kou an prive, mande Jewova pou l beni mwa aktivite chofe sa a n ap pase nan preche Wayòm nan. — Wom. 15:30, 31; 2 Tes. 3:1.
27 Avril ane pase, nan yon kongregasyon Kawolin Nò, Ozetazini, ansyen yo te vrèman ankouraje pwoklamatè yo pou yo ogmante aktivite nan predikasyon. Chak semèn, nan reyinyon yo, yo te envite pwoklamatè yo pou yo egzamine nan lapriyè, si yo pa ta ka pran sèvis pyonye oksilyè. Tout ansyen yo ak asistan ministeryèl yo te pwofite tout okazyon pou yo chofe moun yo pou yo fè mwa d avril la tounen pi bèl mwa yo te pase nan vi yo. Kòm rezilta, 58 % nan pwoklamatè yo, san wete ansyen ak asistan ministeryèl, te pyonye mwa sa a !
28 Yon patisipasyon totalkapital bay kè kontan : Ki benediksyon nou jwenn lè “ n ap travay di e [lè] n ap lite ” nan ministè a (1 Tim. 4:10) ? Konsènan bèl aktivite kongregasyon nou sot pale la a pou mwa d avril ane pase a, men sa ansyen yo te ekri : “ Byen souvan, frè ak sè yo kontinye ap pale ki jan yo vin gen plis lanmou e yo vin pi pwòch youn ak lòt depi yo te kòmanse travay piplis nan predikasyon. ”
29 Te gen yon jèn frè ki pa t ka deplase fasil, ki te swaf patisipe nan aktivite espesyal avril ane pase a. Grasa bonjan planifikasyon, epi grasa èd manman l ansanm ak frè ak sè espirityèl li yo, li te kontan pase yon mwa kote l te jwenn bon rezilta antanke pyonye oksilyè. Ki jan l te viv eksperyans sa a ? Men sa l te di : “ Se premye fwa nan vi m, mwen te santi mwen tankou yon gason vanyan. ”
30 Pa gen dout nan sa, Jewova beni ann abondans moun ki bay privilèj yo genyen pou yo pale de gouvènman l lan anpil enpòtans (Sòm 145:11, 12). Pandan n ap komemore lanmò Seyè nou an, nou konprann benediksyon ki soti nan atachman pou Bondye a pral ogmante pi plis alavni. Se pa ti anvi apot Pòl te anvi resevwa lavi etènèl la kòm rekonpans. Epoutan, li te konnen li pa ta ka annik rete chita ap tann. Li te ekri : “ Wi, se poutèt sa m ap travay di e m ap lite ann akò avèk operasyon li a, operasyon k ap fè yon travay nan mwen avèk pisans. ” (Kol. 1:29). Jewova te sèvi ak Jezi pou l te bay Pòl pisans pou l akonpli yon ministè ki gen sove lavi ladan l, e li ka fè menm jan pou nou tou jodi a. Èske se pral eksperyans pa w nan mwa d avril sa a ?
[Kare nan paj 3]
Kiyès ou menm ou ka ankouraje vin pwoklamatè ann avril ?
Pitit ou ?
Yon etidyan ?
Yon moun ki vin inaktif ?