Travay
2 Twouve, jou fèt Pannkòt la, yo tout te ansanm menm kote a. 2 Bridsoukou, gen yon bri ki sot nan syèl la ki tankou bri yon gwo van ki pase rapid, e bri a gaye nan kay kote yo te chita a. 3 Epi, yo wè yon bann lang, ki tankou dife, ki parèt e ki gaye, youn al poze sou tèt chak moun. 4 Yo tout vin ranpli ak lespri sen, e yo kòmanse pale divès lang, jan lespri a te pèmèt yo fè sa.
5 Nan moman sa a, te gen yon seri Juif nan Jerizalèm ki te soti nan tout nasyon sou tè a e ki te gen lakrentif pou Bondye. 6 Se sa k fè, lè bri a fèt la, gen yon gwo foul moun ki vin rasanble, yo pa t konprann sa k ap pase a paske yo chak te tande disip yo k ap pale nan lang pa yo. 7 Wi, yo te sezi anpil, yo t ap di: “Rete! Te kwè tout moun k ap pale yo se moun Galile? 8 Kòman fè nou chak tande yo k ap pale nan lang pa nou, nan lang manman nou? 9 Nou menm, moun Pat, moun Medi, moun Elam, moun ki abite Mezopotami, moun Jide, moun Kapadòs, moun Pon, moun nan distri Azi*, 10 moun Friji, moun Panfili, moun Ejip, moun plizyè zòn nan Libi, ki bay sou Sirèn, moun ki soti Wòm ki depasaj isit la, nou menm Juif ansanm ak moun ki konvèti nan relijyon Juif yo, 11 nou menm moun Krèt ak moun Arabi, nou tande yo k ap pale nan lang pa nou sou bagay estrawòdinè Bondye fè.” 12 Wi, yo tout te sezi, yo pa t konn sa pou yo kwè. Youn t ap di lòt: “Ki sa bagay sa a vle di?” 13 Men, gen lòt moun ki t ap pase disip yo nan jwèt, yo t ap di: “Diven fè yo sou.”
14 Men, Pyè ak onz lòt apot yo leve kanpe, e li di byen fò: “Moun Jide ak tout moun Jerizalèm, aprann sa, e koute sa m pral di a. 15 Moun sa yo pa sou jan NOU panse l la, paske se nan twazyèm èdtan* nan jounen an nou ye. 16 Okontrè, sa k ap pase la a, se sa pwofèt Yowèl te anonse, lè l te di: 17 ‘Bondye di: “Nan dènye jou yo, m ap vide yon pòsyon nan lespri m sou tout kalite moun*. Pitit gason NOU yo ak pitit fi NOU yo ap pwofetize, jènjan NOU yo ap fè vizyon, e granmoun NOU yo ap fè rèv. 18 E nan jou sa yo, m ap vide yon pòsyon nan lespri m ata sou esklav mwen yo, gason kou fi, epi y ap pwofetize. 19 M ap fè yon seri bagay etonan anwo nan syèl la, e m ap bay siy anba sou tè a: ap gen san, ap gen dife, ap gen lafimen. 20 Solèy la ap vin tou nwa, e lalin nan ap tounen san, anvan jou Jewova a rive, yon jou ki gran e ki espesyal. 21 E tout moun ki envoke non Jewova ap sove.”’
22 “Moun Izrayèl, tande sa m pral di NOU la a: Jezi, moun Nazarèt la, se yon moun Bondye te voye. Sa parèt aklè lè NOU wè zèv pisans, bagay etonan ak siy Bondye te sèvi avè l pou l fè nan mitan NOU, jan NOU menm NOU konn sa. 23 Mesye sa a, NOU te livre l jan Bondye te deside sa, selon sa Bondye te konnen davans, e NOU te fè moun san lwa kloure l sou yon poto e NOU te touye l. 24 Men, Bondye resisite l, li delivre l anba grif lanmò, paske li pa t posib pou lanmò kontinye kenbe l. 25 Annefè, men sa David di de li: ‘Mwen te gen Jewova devan je m toutan. Piske li sou bò dwat mwen, mwen pap janm brannen. 26 Se poutèt sa, kè m vin kontan, e m ap pale ak anpil jwa. Epitou, menm chè m ap repoze avèk espwa. 27 Paske, ou pap kite m* nan adès*, ni w pap kite kò moun ki fidèl devan w lan dekonpoze. 28 Ou fè m konn chemen ki mennen nan lavi a, w ap fè kè m kontan anpil devan fas ou.’
29 “Frè m yo, kite m pale franchman avèk NOU konsènan David, zansèt nou an, ki mouri e ki antere, e tonm li la avèk nou jis jodi a. 30 Kòm li te yon pwofèt e li te konnen Bondye te fè l sèman li t ap mete youn nan desandan l yo chita sou twòn li a, 31 li te wè rezirèksyon Kris la davans e li te pale de sa. Li te fè konnen yo pa t kite Kris nan adès ni kò l pa t gentan dekonpoze. 32 Jezi sa a, Bondye resisite l. Se yon bagay nou tout temwen. 33 Kidonk, kòm Bondye leve l met adwat li, e li resevwa lespri sen Papa a te pwomèt la, li vide lespri sen sou nou. Se sa NOU wè e se sa NOU tande la a. 34 Annefè, David pa t monte nan syèl, men se li menm ki di: ‘Jewova di Seyè m nan: “Chita adwat mwen, 35 jiskaske mwen mete ènmi w yo tankou yon tabourè pou pye w.”’ 36 Se sa k fè, se pou tout kay* Izrayèl la konn sa byen: Jezi NOU te kloure sou poto a, Bondye te fè l vin Seyè, e li te fè l vin Kris.”
37 Lè yo tande sa, yo santi kè yo fann. Yo di Pyè ak lòt apot yo: “Frè nou yo, ki sa pou nou fè?” 38 Pyè di yo: “Se pou NOU repanti, e se pou NOU chak batize nan non Jezi Kris pou NOU jwenn padon pou peche NOU, e N ap resevwa lespri sen kòm kado. 39 Paske, pwomès la se pou NOU, pou pitit NOU yo e pou tout moun ki lwen yo, tout moun Jewova, Bondye nou an, va rele vin jwenn li.” 40 E li di yo anpil lòt pawòl pou l ba yo yon temwayaj konplè e pou l kontinye ankouraje yo. Men sa l di: “Se pou NOU sove kite jenerasyon kòwonpi sa a.” 41 Konsa, moun ki te aksepte pawòl li a ak tout kè yo te batize, e jou sa a te gen anviwon 3 000 moun* ki te vin ajoute sou kantite disip yo. 42 Yo te kontinye koute ansèyman apot yo ak anpil atansyon, yo te pataje tout sa yo genyen, yo te manje ansanm, e yo te pèsevere nan lapriyè.
43 Tout moun* te vin gen lakrentif. Apot yo te kòmanse fè anpil bagay etonan, e yo te reyalize anpil siy. 44 Tout moun ki te vin kwayan yo te pataje tout bagay ansanm. 45 Yo te vann tè yo ak lòt bagay yo te genyen, e yo te separe kòb la bay tout moun ki te nan bezwen. 46 Toulejou, yo te toujou reyini nan tanp lan nan tèt ansanm. Youn te manje lakay lòt, e yo te fè sa ak anpil kè kontan ak senserite. 47 Yo t ap louwe Bondye, e yo te jwenn favè tout pèp la. Anmenmtan, chak jou, Jewova te kontinye voye plis moun vin jwenn yo, moun ki t apral jwenn delivrans lan.