Vandredi 17 oktòb
Se pou nou kontinye mache tankou pitit limyè. — Efe. 5:8.
Nou bezwen èd lespri sen Bondye pou nou kapab kontinye aji “tankou pitit limyè”. Poukisa? Paske sa mande anpil efò pou n rete pwòp nan monn imoral sa a (1 Tes. 4:3-5, 7, 8). Lespri sen kapab ede n reziste kont fason moun nan monn nan panse, sa gen ladan l fason yo wè bagay yo ki pa ann amoni ak fason Bondye panse. Lespri sen kapab ede n tou pou n pwodui “tout kalite bonte ak jistis”. (Efe. 5:9.) Youn nan fason nou kapab jwenn lespri sen se lè nou priye pou sa. Jezi te di Jewova “ap bay moun lespri sen si yo mande l li”. (Lik 11:13.) E lè n ap fè louwanj pou Jewova ansanm nan reyinyon yo, se yon lòt fason nou resevwa lespri sen (Efe. 5:19, 20). Bonjan enfliyans lespri sen Bondye gen sou nou ap ede n viv yon fason ki fè Bondye plezi. w24.03 23-24 § 13-15.
Samdi 18 oktòb
Kontinye mande, y ap ban nou. Kontinye chèche, n ap jwenn. Kontinye frape, y ap ouvri pou nou. — Lik 11:9.
Èske w bezwen gen plis pasyans? Si wi, priye pou sa. Pasyans se yon kalite nan fwi lespri a (Gal. 5:22, 23). Donk, nou ka priye Jewova pou n mande l lespri sen e pou l ede n gen fwi lespri a. Si n ap fè fas ak yon sitiyasyon ki mande pou n gen pasyans, nou kapab “kontinye mande” Jewova lespri sen pou ede n gen pasyans (Lik 11:13). Epitou, nou kapab mande Jewova pou l ede n wè bagay yo menm jan avè l. Apre nou fin priye l, nou bezwen fè tout sa n kapab pou n demontre pasyans chak jou. Plis nou priye Jewova pou l ede n gen pasyans e n fè efò pou n gen pasyans, se plis kalite sa a ap anrasinen nan kè nou, e l ap vin fè pati pèsonalite nou. Medite sou egzanp nou jwenn nan Bib la ka ede nou tou. Nan Bib la, nou jwenn anpil egzanp moun ki te gen pasyans. Lè n medite sou egzanp moun sa yo, nou ka aprann fason pou n demontre pasyans. w23.08 22 § 10-11.
Dimanch 19 oktòb
Lage filè nou pou nou peche. — Lik 5:4.
Jezi te bay apot Pyè asirans Jewova t ap pran swen l. Apre Jezi fin resisite, li te fè yon lòt mirak kote l te fè Pyè ak lòt apot yo pran anpil pwason (Jan 21:4-6). Pa gen dout, mirak sa a te bay Pyè asirans Jewova t ap kapab ede l jwenn sa l bezwen pou l viv byen fasil. Petèt lè sa a, apot la te sonje lè Jezi te di Jewova t ap pran swen moun ki “kontinye chèche Wayòm nan an premye”. (Mat. 6:33.) Se pou rezon sa a, Pyè te bay travay predikasyon an premye plas nan lavi l olye l te bay biznis lapèch la plis enpòtans. Nan jou Pannkòt ane 33 epòk nou an, li te bay yon bèl temwayaj, e sa te ede plizyè milye moun aksepte bon nouvèl la (Tra. 2:14, 37-41). Annapre, li te ede moun Samari yo ak moun lòt nasyon yo pou yo konn kiyès Kris ye e pou yo suiv li (Tra. 8:14-17; 10:44-48). Se sèten, Jewova te itilize Pyè anpil pou ede tout kalite moun vin fè pati kongregasyon an. w23.09 20 § 1; 23 § 11.