Travay
20 Kounye a, lè dezòd la sispann, Pòl fè rele disip yo, li ankouraje yo, li di yo orevwa, epi li pati l al Masedwàn. 2 Li pase nan tout zòn nan, li di disip ki la yo anpil pawòl pou l ankouraje yo, apre sa, l al Grès. 3 Li pase twa mwa la, men, etandone Juif yo t ap mare yon konplo sou do l pandan l t apral pran bato pou l al Siri, li fè lide retounen pa Masedwàn. 4 Moun ki te akonpaye l yo se te Sopatè, pitit Piris, moun Bere, ansuit te gen Aristak ak Sekindis, moun Tesalonik, te gen Gayis, moun Dèbe, te gen Timote, epi te gen Tichik ak Twofim ki te sot nan zòn Azi*. 5 Mesye sa yo pran devan, y al tann nou Twowas. 6 Men nou menm, nou pran bato nan vil Filip apre jou fèt Pen san ledven yo, e nou rive kote yo Twowas sou senk jou. Nou pase sèt jou la.
7 Premye jou nan semèn nan, etan nou reyini ansanm pou nou manje, Pòl kòmanse pale avèk yo. Etandone li te gen pou l pati nan demen, li kontinye pale jiska minui. 8 Te gen yon bonkou lanp nan chanmòt kote nou te reyini an. 9 Pandan Pòl te kontinye ap pale, dòmi ale nèt ak yon jenn tigason ki rele Etich ki te chita arebò yon fenèt. Epi, li sot nan dezyèm etaj la li tonbe anba, e lè y al ranmase l, yo jwenn li mouri. 10 Men, Pòl desann anba a, li panche kò l sou li e li pran l nan bra l, li di moun yo: “Sispann rele, paske li vin vivan ankò*.” 11 Apre sa, Pòl monte anlè a, li kase yon pen e li kòmanse manje. Li pase anpil tan ap pale avèk yo ankò, jis li jou, finalman li pati. 12 Konsa, yo te retounen ak tigason an vivan, e yo te jwenn anpil konsolasyon.
13 Kounye a, Pòl ban nou enstriksyon pou nou pran devan pou n al nan yon bato k ap mennen nou Asòs, kote nou gen pou n pran l abò, paske li menm, li te deside ale apye. 14 Lè l vin jwenn nou Asòs, nou pran l abò, epi n al Mitilèn. 15 Nan demen, nou fè vwal e nou rive anfas yon zile ki rele Kyòs. Men, apre yon jou, nou fè eskal Samòs, e nan jou apre a, nou rive Milè. 16 Paske, Pòl te deside pase devan Efèz pou l pa t pèdi tan nan zòn Azi. Li t ap prese pou l wè si l posib pou l ta Jerizalèm jou fèt Pannkòt la.
17 Sepandan, detan l Milè, li voye yon mesaj Efèz pou l mande ansyen yo nan kongregasyon an vin kote l. 18 Lè yo rive kote l, li di yo: “NOU konnen byen ki fason m te viv nan mitan NOU depi premye jou mwen te met pye m nan zòn Azi. 19 Mwen te travay tankou esklav pou Seyè a ak anpil imilite, avèk dlo nan je, e anba tout eprèv mwen te jwenn akoz konplo Juif yo te fè. 20 Anmenmtan, mwen pa t ezite anonse NOU tout bagay ki te pwofitab pou NOU, e mwen pa t ezite anseye NOU ni an piblik ni kay an kay. 21 Mwen te bay ni Juif ni Grèk yon temwayaj konplè, mwen te fè yo konnen yo dwe repanti, yo dwe vin jwenn Bondye e yo dwe gen lafwa nan Seyè nou an, Jezi. 22 Kounye a, gade: lespri a oblije m al Jerizalèm, men mwen pa konnen sa k pral rive m la. 23 Sèl sa m konnen, sèke nan chak vil mwen pase, lespri sen pa sispann fè m konnen se prizon ak tribilasyon k ap tann mwen. 24 Malgre sa, mwen pa bay vi* m okenn enpòtans, depi m rive fini kous mwen ak sèvis Seyè Jezi ban mwen an, sètadi pou m bay yon temwayaj konplè sou bon nouvèl konsènan favè san parèy Bondye a.
25 “Kounye a, gade: mwen konnen pa gen youn nan NOU mwen te preche mesaj wayòm nan k ap wè m ankò. 26 Se poutèt sa, jodi a menm, mwen pran NOU sèvi m temwen, mwen pa responsab san pèsonn, 27 paske mwen pa t ezite fè NOU konnen tout sa Bondye deside. 28 Veye sou tèt NOU, e veye sou tout twoupo lespri sen etabli NOU siveyan sou li a, pou NOU ka pran swen kongregasyon Bondye a, yon kongregasyon li achte ak san pwòp Pitit li a. 29 Mwen konnen apre m fin ale, gen moun ki tankou chen sovaj k ap antre nan mitan NOU, yo pap aji ak twoupo a avèk tandrès, 30 e gen yon seri mesye k ap leve nan mitan NOU, y ap pale bagay kwochi pou yo rale disip yo vin suiv yo.
31 “Kidonk, rete je klè, e pa bliye, pandan twazan, lannuit kou lajounen, mwen pa t sispann konseye NOU chak, ak dlo nan je. 32 E kounye a, mwen swete pou NOU jwenn pwoteksyon nan men Bondye ak nan mesaj konsènan favè san parèy li a, mesaj ki ka fòtifye NOU e ki ka fè NOU jwenn eritaj pa NOU ansanm ak tout moun ki vin sen yo. 33 Mwen pa t anvi ni ajan, ni lò, ni rad pèsonn. 34 NOU menm, NOU konnen se ak men sa yo mwen te travay dekwa pou ni mwen, ni moun ki ansanm avè m yo ka jwenn sa nou bezwen. 35 Mwen te montre NOU nan tout bagay se pou NOU travay di menm jan an pou NOU ede moun ki fèb yo, e NOU dwe sonje pawòl Seyè Jezi yo, li menm ki te di: ‘Yon moun pi kontan lè l bay pase lè l resevwa.’”
36 Lè l fin di bagay sa yo, li met ajenou avèk yo tout, epi li priye. 37 Apre sa, yo tout pran kriye, yo pase bra yo nan kou Pòl e yo anbrase l avèk tandrès, 38 paske yo te gen lapenn, sitou poutèt li te di yo yo pap wè l ankò. Apre sa, yo kondui l al nan bato a.