2 Korentyen
13 Sa fè twazyèm fwa m ap vin lakay NOU. “Tout bagay dwe regle sou deklarasyon* de oubyen twa temwen.” 2 Mwen te di sa deja, e byenke mwen pa la kounye a, se kòmsi mwen la avèk NOU yon dezyèm fwa, m ap avèti moun ki te peche anvan yo ansanm ak tout rès moun yo pou m fè yo konnen si jamè mwen vini ankò mwen pap epaye yo, 3 etandone N ap chèche prèv ki montre Kris pale nan mwen, li menm ki pa aji avèk NOU yon fason ki fèb, men ki montre l pisan pami NOU. 4 Wi, se vre yo te kloure l sou yon poto paske li te nan yon kondisyon ki fèb, men li vivan grasa pisans Bondye. Se vre tou nou fèb menm jan l te fèb la, men nou pral viv ansanm avè l grasa pisans Bondye k ap aji nan NOU an.
5 Kontinye verifye si NOU nan lafwa, kontinye teste sa NOU menm NOU ye. Oubyen, èske NOU pa rekonèt Jezi Kris ann inyon avèk NOU? Amwenske yo dezapwouve NOU. 6 Mwen vrèman espere N ap rann NOU kont yo pa dezapwouve nou.
7 Kounye a, n ap priye Bondye pou NOU pa fè anyen ki mal. Se pa pou nou ka parèt apwouve, men se pou NOU ka fè sa ki bon, menmsi nou menm nou parèt dezapwouve. 8 Paske, nou pa ka fè anyen kont laverite, men se sèlman pou laverite n ap travay. 9 Vrèmanvre, nou rejwi menmsi nou fèb, depi NOU menm NOU pisan. E men pou ki bagay n ap priye: pou NOU kite yo redrese NOU. 10 Se poutèt sa, m ap ekri bagay sa yo pandan m pa la, dekwa pou lè m la, mwen pa oblije aji yon fason ki di, paske Seyè a pa ban m otorite pou m kraze NOU, men pito pou m fòtifye NOU.
11 Anfen, frè m yo, kontinye rejwi, kontinye kite yo redrese NOU, kontinye kite yo konsole NOU, kontinye panse menm jan, kontinye viv anpè, e Bondye lanmou an, Bondye lapè a, ap avèk NOU. 12 Se pou youn salye lòt ak yon bo ki demontre lanmou. 13 Tout moun ki sen yo voye salye NOU.
14 Nou swete pou favè san parèy Seyè Jezi Kris la ak lanmou Bondye ak lespri sen nou tout ansanm benefisye a avèk NOU tout.