Kolosyen
2 Se sa k fè, mwen vle NOU konprann ki kalite gwo konba m ap mennen pou NOU, pou moun Lawodise yo e pou tout moun ki pa wè m an pèsòn yo, 2 yon fason pou kè yo ka konsole, pou yo ka byen ini ansanm nan lanmou, dekwa pou yo ka gen yon richès total, sa vle di yon konpreyansyon ki klè e ki sèten, dekwa pou yo rive gen yon konesans egzak sou sekrè sakre Bondye a, anpalan de Kris. 3 Se nan li tout trezò sajès ak konesans byen sere. 4 Mwen di sa pou pèsonn pa twonpe NOU ak rezònman y ap fè pou yo konvenk NOU. 5 Se vre, kò m pa la avèk NOU, men, mwen la avèk NOU nan lespri m. Mwen kontan wè jan NOU gen lòd, jan lafwa NOU fèm nan Kris.
6 Se sa k fè, piske NOU te aksepte Kris Jezi, Seyè a, se pou NOU kontinye mache ann inyon avèk li, 7 pou NOU anrasinen nan li, pou NOU bati nan li, pou NOU vin fèm nan lafwa, jan yo te anseye NOU an, e se pou lafwa NOU vin ogmante anpil lè N ap di Bondye mèsi.
8 Veye pou pèsonn pa pran NOU nan pyèj ak filozofi ak twonpri ki san valè ki chita sou tradisyon lèzòm, sou bagay monn nan baze sou yo, e ki pa baze sou Kris. 9 Paske se nan li tout kalite Bondye genyen yo abite. 10 E konsa, NOU vin gen tout bagay nèt grasa li, li menm ki chèf tout gouvènman ak tout otorite. 11 Nan relasyon NOU gen avè l, NOU te sikonsi tou. Men, sikonsizyon sa a pa t fèt ak men. Se yon sikonsizyon ki retire kò peche a, se sikonsizyon pa Kris la. 12 Paske, NOU te antere avè l nan batèm li, e nan relasyon NOU gen avè l, apre sa, NOU resisite grasa lafwa NOU genyen nan kokenn travay Bondye fè, li menm ki leve l sot nan lanmò.
13 Mete sou sa, byenke NOU te mouri nan fot NOU yo ak nan eta NOU te ye nan kò NOU ki pa t sikonsi, Bondye ban NOU lavi ansanm avèk li. Avèk bonte, Li padone tout fot nou yo, 14 Li efase dokiman ki ekri alamen an nèt, dokiman se dekrè ki te ladan l e ki te opoze ak nou an, e Li retire l lè Li kloure l sou poto soufrans lan. 15 Li dezabiye gouvènman yo ak otorite yo, li ekspoze yo an piblik kòm pèdan, li mennen yo nan yon kòtèj laviktwa pa mwayen poto soufrans lan.
16 Kidonk, pinga pèsonn jije NOU pou sa N ap manje ak sa N ap bwè, ni pou yon fèt, ni pou kesyon obsève nouvèl lin oswa yon saba. 17 Bagay sa yo se lonbray bagay ki gen pou vini yo, men reyalite a se nan Kris li ye. 18 Pa kite pèsonn ki pran plezi nan yon fo imilite ak nan adorasyon zanj pran rekonpans lan nan men NOU. Jan de moun sa yo “apiye sou*” vizyon yo fè, yo gonfle ak ògèy san rezon valab paske yo reflechi tankou lèzòm pechè, 19 e yo pa rete atache ak tèt la, anpalan de sila a ki pèmèt tout kò a jwenn sa l bezwen pou l byen ini ansanm pa mwayen jwenti ak ligaman li genyen, e ki fè l grandi grasa Bondye.
20 Si NOU mouri ansanm ak Kris parapò ak bagay monn nan baze sou yo, poukisa N ap viv kòmsi NOU toujou fè pati monn nan? Poukisa N ap soumèt tèt NOU ankò anba dekrè ki di: 21 “Pa pran, pa goute, pa manyen”, 22 anrapò ak yon seri bagay k ap fini lè yo sèvi avèk yo? Dekrè sa yo se kòmandman ak ansèyman lèzòm yo ye. 23 Byenke bagay sa yo parèt gen sajès ladan yo, paske moun yo oblije tèt yo fè yon fòm adorasyon, yo gen yon fo imilite, e yo maltrete kò yo, an reyalite, bagay sa yo pa itil anyen pou konbat dezi lachè.