1 Pyè
2 Se poutèt sa, rejte tout mechanste, tout riz ak tout ipokrizi. Sispann anvye sò moun. Rejte tout kalite medizans. 2 Menm jan ak tibebe ki fèk fèt, se pou NOU gen yon gwo anvi pou lèt san melanj ki nan pawòl la, dekwa pou NOU ka grandi grasa li pou delivrans lan, 3 paske NOU goute e NOU wè jan Seyè a bon.
4 Li se yon wòch vivan, yon wòch lèzòm voye jete, se vre, men yon wòch Bondye chwazi e ki gen anpil valè pou li. Lè NOU vin jwenn li, 5 NOU menm tou, antanke wòch vivan, NOU se yon kay lespri Bondye ap bati* pou NOU vin yon klas prèt ki sen, pou NOU ofri sakrifis pa mwayen Jezi Kris, sakrifis lespri Bondye pouse nou fè* e ki akseptab nan je Bondye. 6 Paske, men sa nou jwenn nan Ekriti a: “Gade! M ap poze yon wòch nan Siyon, yon wòch mwen chwazi, yon wòch ki nan kwen fondasyon an e ki gen anpil valè. Pa gen moun ki demontre yo gen lafwa nan li k ap janm wont.”
7 Donk, se pou NOU menm li gen anpil valè, paske NOU kwè. Men, pou moun ki pa kwè yo, “wòch moun k ap bati yo te voye jete a, se li menm ki tounen wòch ki nan tèt kwen an”, 8 “yon wòch k ap fè moun bite, yon mas wòch k ap fè moun tonbe”. Moun sa yo ap bite paske yo dezobeyi pawòl la. Se pou sa menm yo te la tou. 9 Men NOU menm, NOU se “yon ras yo chwazi, yon klas prèt k ap sèvi kòm wa, yon nasyon ki sen, yon pèp ki vin yon byen espesyal, dekwa pou NOU fè konnen kalite estrawòdinè” sila a ki te rele NOU sot nan fènwa a pou NOU vin nan bèl limyè l la. 10 Paske, te gen yon lè NOU pa t yon pèp, men kounye a, NOU se pèp Bondye. Te gen yon lè yo pa t fè NOU mizèrikòd, men kounye a, yo fè NOU mizèrikòd.
11 Byenneme, m ap mande NOU, antanke etranje e antanke moun ki depasaj, pou NOU kontinye evite dezi lachè yo k ap goumen ak nanm nan. 12 Se pou NOU toujou gen bon konduit pami nasyon yo. Konsa, lè y ap akize NOU pou di se malfektè NOU ye, y ap wè bèl aksyon NOU fè ak je yo, e konsa, y ap ka bay Bondye glwa nan jou enspeksyon l lan.
13 Poutèt Seyè a, soumèt NOU devan tout otorite lèzòm etabli: kit se devan yon wa antanke siperyè, 14 kit se devan gouvènè yo antanke moun li voye pou yo pini moun k ap fè sa ki mal, men tou, pou yo fè lwanj pou moun k ap fè sa ki byen. 15 Paske, volonte Bondye se pou NOU fè sa ki byen, dekwa pou NOU ka fè moun ki derezonab k ap pale sa yo pa konnen yo fèmen bouch* yo. 16 Se pou NOU tankou moun ki lib. Men, pa pran libète NOU genyen an pou fè l sèvi kouvèti pou NOU fè sa ki mal, men, sèvi avè l antanke esklav Bondye. 17 Onore tout kalite moun, renmen tout frè NOU yo, gen lakrentif pou Bondye, onore wa a.
18 Se pou moun k ap travay kay moun yo soumèt devan mèt yo avèk tout lakrentif yo dwe yo. Se pou yo soumèt nonsèlman devan mèt ki bon e ki rezonab yo, men tou, se pou yo soumèt devan mèt ki difisil yo. 19 Paske, se yon bèl bagay lè yon moun sipòte bagay ki fè l lapenn e li soufri san l pa merite sa, poutèt konsyans li devan Bondye. 20 Paske, ki valè sa genyen lè N ap andire move tretman pou yon peche NOU fè? Men, si NOU andire lè N ap soufri poutèt NOU fè sa ki byen, se yon bagay ki fè Bondye plezi.
21 Anfèt, se nan chemen sa a yo te rele NOU, paske Kris li menm te soufri pou NOU, li kite yon modèl pou NOU, pou NOU suiv tras li pye pou pye. 22 Li pa t fè peche, e yo pa t jwenn twonpri nan bouch li. 23 Lè yo te joure l, li pa t joure tou. Lè li t ap soufri, li pa t fè menas, men, li te remèt tèt li nan men sila a ki jije avèk jistis la. 24 Li te pote peche nou yo nan pwòp kò li sou poto a, yon fason pou nou fini avèk peche, e pou nou viv pou sa ki jis. E “grasa blese li yo, NOU geri”. 25 Paske, NOU te tankou mouton ki pèdi wout yo, men kounye a, NOU retounen vin jwenn bèje k ap siveye nanm NOU an*.