1 Pyè
5 Se poutèt sa, men sa m ap mande ansyen ki pami NOU yo, paske mwen menm tou, mwen se yon ansyen menm jan avèk yo, mwen se yon moun ki temwen soufrans Kris yo, wi, yon patisipan nan glwa ki gen pou parèt la: 2 Pran swen twoupo Bondye ki sou kont NOU an. Pa fè sa nan fòse, men fè sa ak tout kè NOU. Pa fè sa paske N ap chèche jwenn avantaj nan move kondisyon, men fè sa avèk anpresman. 3 Pa fè sa tankou se domine N ap domine sou moun ki se eritaj Bondye konfye NOU, men se pou NOU tounen egzanp pou twoupo a. 4 E lè bèje an chèf la va parèt, N ap resevwa kouwòn ki bay laglwa a, kouwòn ki pa ka fennen an.
5 Menm jan an tou, NOU menm jèn gason, se pou NOU soumèt devan ansyen yo*. Men, se NOU tout ki pou abiye NOU ak imilite nan relasyon NOU youn ak lòt, paske Bondye kont moun ki ògeye yo, men li bay moun ki enb yo favè san parèy la.
6 Kidonk, se pou NOU soumèt tèt NOU anba men Bondye ki pisan, yon fason pou l ka leve NOU lè moman an rive, 7 toutpandan N ap lage tout tètchaje NOU genyen sou li, paske li gen sousi pou NOU. 8 Kenbe tèt NOU anplas. Se pou NOU veyatif. Advèsè NOU an, Dyab la, ap sikile tankou yon lyon k ap gwonde, l ap chèche devore moun. 9 Men, kenbe tèt ak li, rete fèm nan lafwa, piske NOU konnen se menm kalite soufrans lan tout frè NOU yo nan monn nan ap andire. 10 Men, apre NOU fin soufri pou yon ti tan, Bondye ki bay favè san parèy tout jan an, e ki rele NOU nan glwa etènèl li a ann inyon avèk Kris, ap fin fòme NOU li menm, l ap fè NOU vin djanm, l ap fè NOU vin solid. 11 Se pou li pisans ye pou toutan. Amèn.
12 Mwen sèvi ak Silven, yon frè fidèl, dapre mwen menm, pou m ekri NOU de ti mo, yon fason pou m ankouraje NOU, e pou m sètifye se sa a ki vrè favè san parèy Bondye a. Kenbe fèm ladan l. 13 Dam* ki nan Babilòn nan, dam Bondye chwazi menm jan avèk NOU an, ansanm ak Mak, pitit gason m nan, voye salye NOU. 14 Salye youn lòt ak yon bo ki demontre lanmou.
Nou swete pou NOU tout ki ann inyon ak Kris gen lapè.