Revelasyon
14 Epi, mwen gade, mwen wè Timouton an ki kanpe sou mòn Siyon. Li gen 144 000 moun avè l, e yo gen non l ak non Papa l ki ekri sou fwon yo. 2 E mwen tande yon bri ki soti nan syèl la. Bri sa a tankou bri yon pakèt dlo k ap desann, oubyen tankou bri yon gwo loray. Bri mwen tande a te tankou vwa plizyè chantè ki t ap jwe hap pou akonpaye tèt yo. 3 Yo ret devan twòn nan, devan kat cheriben* yo, e devan ansyen yo, y ap chante yon chante ki tankou yon nouvo chante, e pèsonn pa t kapab aprann chante sa a nèt, eksepte 144 000 moun yo Bondye te achte sou tè a. 4 Moun sa yo se moun ki rete pwòp, yo pa antre nan relasyon ak fi. Anfèt, yo vyèj. Se moun ki kontinye suiv Timouton an kèlkeswa kote l ale. Bondye te achte yo pami limanite kòm premye fwi pou li e pou Timouton an. 5 E manti pa sot nan bouch yo. Yo san tach.
6 Epi, mwen wè yon lòt zanj k ap vole nan mitan syèl la. Li gen yon bon nouvèl k ap dire pou toutan pou l anonse moun ki abite sou tè a, moun tout nasyon, tout tribi, tout lang ak tout pèp. 7 Li t ap di byen fò: “Krenn Bondye epi ba li glwa, paske lè pou l fè jijman an rive. Epi, adore Moun ki fè syèl la, tè a, lanmè a ak sous dlo yo.”
8 E gen yon lòt zanj, yon dezyèm, ki vini apre, li di: “Li tonbe! Gran Babilòn nan tonbe, li menm ki fè tout nasyon yo bwè diven kòlè l la, diven fònikasyon l lan!”
9 E gen yon lòt zanj, yon twazyèm, ki vin apre yo, ki di byen fò: “Si yon moun adore bèt sovaj la ak estati l la, e si li resevwa yon mak sou fwon l oswa sou men l, 10 moun sa a ap bwè diven kòlè Bondye a tou, diven Bondye vide san dekoupe nan koup kòlè l la, e moun sa a gen pou l toumante nan dife ak souf devan zanj ki sen yo e devan Timouton an. 11 Lafimen k ap monte akoz touman moun sa yo ap kontinye monte pou toutan gen tan. Moun k ap adore bèt sovaj la ak estati l la, ansanm ak kèlkeswa moun ki resevwa mak non l lan, yo pap gen repo ni lajounen ni lannuit. 12 Se la a moun ki sen yo, moun ki suiv kòmandman Bondye yo e ki kenbe lafwa yo gen nan Jezi, bezwen andirans.”
13 E mwen tande yon vwa ki soti nan syèl la ki di: “Ekri: Byennere moun ki mouri ann inyon ak Seyè a apati moman sa a. Wi, se lespri a ki di sa, yo fin travay di, kite yo repoze, paske bagay yo te fè yo akonpaye yo.”
14 Epi, mwen gade, mwen wè yon nyaj blan, e gen yon moun ki chita sou nyaj la ki sanble ak yon pitit lòm. Li gen yon kouwòn annò sou tèt li ak yon sèpèt byen file nan men l.
15 E gen yon lòt zanj ki soti anndan tanp sakre a, li di moun ki chita sou nyaj la byen fò: “Pase sèpèt ou a epi rekòlte, paske lè a rive pou rekòt la fèt, paske rekòt ki sou tè a byen mi.” 16 E moun ki chita sou nyaj la pase sèpèt li a sou tè a, e rekòt la fèt sou tè a.
17 Gen yon lòt zanj ankò ki soti anndan tanp sakre a ki nan syèl la, li menm tou, li gen yon sèpèt byen file nan men l.
18 E gen yon lòt zanj ankò ki soti bò lotèl la, e li te gen pouvwa sou dife. Li rele zanj ki gen sèpèt byen file nan men l lan byen fò, li di l: “Pase sèpèt byen file w la, epi rasanble grap ki sou pye rezen ki sou tè a, paske rezen l yo mi.” 19 Epi, zanj lan pase sèpèt li a sou tè a, e li rasanble pye rezen ki sou tè a, epi li jete yo nan gwo près diven an ki reprezante kòlè Bondye. 20 Yo kraze pye rezen yo nan près diven an pa deyò vil la, e san soti nan près diven an rive wotè brid ki nan bouch cheval, sou yon distans apeprè 300 kilomèt.