Revelasyon
5 E mwen wè yon woulo nan men dwat Moun ki chita sou twòn nan. Woulo a ekri sou toule de bò, e li byen sele ak sèt sele poze sou li. 2 Mwen wè yon zanj ki gen anpil fòs k ap di byen fò: “Ki moun ki diy pou l kase sele yo pou l ouvè woulo a?” 3 Men, pa t gen yon moun ni nan syèl la, ni sou tè a, ni anba tè a ki te kapab ouvè woulo a pou l gade ladan l. 4 Mwen kriye anpil poutèt pa t gen pèsonn ki te diy pou l ouvè woulo a pou l gade ladan l. 5 Men, youn nan ansyen yo di m: “Sispann kriye. Gade! Lyon ki soti nan tribi Jida a, rasin David la, ranpòte laviktwa. Konsa, li diy pou l kase sèt sele yo pou l ouvè woulo a.”
6 E mwen wè yon timouton ki kanpe toupre twòn nan, nan mitan kat cheriben* yo e nan mitan ansyen yo. Li te sanble yon timouton yo te touye, li te gen sèt kòn ak sèt je. Je yo reprezante sèt espri Bondye yo, sèt espri Bondye te voye sou tout tè a. 7 Timouton an ale, e menm kote a, li pran woulo a nan men dwat Moun ki te chita sou twòn nan. 8 Lè Timouton an pran woulo a, kat cheriben yo ak vennkat ansyen yo met ajenou devan l. Chak ansyen yo te gen yon hap*, e yo te gen bòl annò ki plen ak lansan. (Lansan an reprezante priyè moun ki sen yo.) 9 E y ap chante yon nouvo chante ki di: “Ou diy pou w pran woulo a e pou w kase sele yo, paske yo te touye w, e avèk san w, ou achte moun pou Bondye, moun ki soti nan tout tribi, nan tout lang, nan tout pèp ak nan tout nasyon, 10 ou fè yo vin wa, ou fè yo vin prèt pou Bondye nou an, e yo gen pou yo dirije tè a antanke wa.”
11 Mwen wè yon pakèt zanj toutotou twòn nan, toutotou cheriben yo ak ansyen yo, e mwen tande vwa yo tou, e kantite yo te ye a se te plizyè dizèn milye ak plizyè milye*. 12 Yo t ap di byen fò: “Timouton yo te touye a diy pou l resevwa pisans, richès, sajès, fòs, onè, glwa ak benediksyon.”
13 E tout kreyati ki nan syèl la, ki sou tè a, ki anba tè a e ki nan lanmè a, wi, tout sa ki ladan yo, mwen tande yo k ap di: “Benediksyon, onè, glwa ak pisans pou Moun ki chita sou twòn nan e pou Timouton an pou toutan gen tan.” 14 E kat cheriben yo di: “Amèn!” e ansyen yo met ajenou, yo adore Bondye.