BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Pwovèb 26
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

Pwovèb — Sa ki gen nan liv sa a

    • PWOVÈB SALOMON MESYE WA EZEKYAS YO TE KOPYE (25:1–29:27)

Pwovèb 26:1

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Pw 30:21, 22; Ekl 10:7

Pwovèb 26:2

Nòt anba paj

  • *

    Se kapab tou: “Se konsa tou, yon malediksyon moun pa merite pap rive”.

Pwovèb 26:3

Nòt anba paj

  • *

    Mo sa a ka vle di koreksyon oswa otorite.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Sm 32:9
  • +Pw 27:22

Pwovèb 26:4

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “Pou w pa fè tèt ou vin egal avè l”.

Pwovèb 26:5

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Mt 21:23-25

Pwovèb 26:6

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “bwè vyolans”.

Pwovèb 26:7

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “yon moun ki domaje ki gen pye l pandye”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Pw 17:7

Pwovèb 26:8

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Pw 19:10; 26:1

Pwovèb 26:10

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “k ap tire flèch ki blese tout moun”.

Pwovèb 26:11

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2P 2:22

Pwovèb 26:12

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Pw 12:15; 1Ko 3:18; 8:2

Pwovèb 26:13

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Pw 22:13

Pwovèb 26:14

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “sou pivo l”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Pw 6:9; 19:15; 24:33, 34

Pwovèb 26:15

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Pw 19:24

Pwovèb 26:17

Nòt anba paj

  • *

    Se kapab tou: “ki antre nan yon kont”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Te 4:11; 1P 4:15

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Anseyan, p. 105-106

Pwovèb 26:18

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “flèch ki lakòz lanmò”.

Pwovèb 26:19

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Pw 15:21

Pwovèb 26:20

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Pw 22:10; Jk 3:6

Pwovèb 26:21

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Pw 3:30; 16:28; 17:14

Pwovèb 26:22

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “tankou bagay pou moun vale avèk vorasite”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Pw 18:8

Pwovèb 26:23

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “bouch ki cho”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 20:9, 10

Pwovèb 26:25

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “Paske kè l pa bon menm”.

Pwovèb 26:27

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Est 7:10; Sm 9:15; Pw 28:10; Ekl 10:8

Pwovèb 26:28

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Pw 29:5

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

Pwo. 26:1Pw 30:21, 22; Ekl 10:7
Pwo. 26:3Sm 32:9
Pwo. 26:3Pw 27:22
Pwo. 26:5Mt 21:23-25
Pwo. 26:7Pw 17:7
Pwo. 26:8Pw 19:10; 26:1
Pwo. 26:112P 2:22
Pwo. 26:12Pw 12:15; 1Ko 3:18; 8:2
Pwo. 26:13Pw 22:13
Pwo. 26:14Pw 6:9; 19:15; 24:33, 34
Pwo. 26:15Pw 19:24
Pwo. 26:171Te 4:11; 1P 4:15
Pwo. 26:19Pw 15:21
Pwo. 26:20Pw 22:10; Jk 3:6
Pwo. 26:21Pw 3:30; 16:28; 17:14
Pwo. 26:22Pw 18:8
Pwo. 26:232Sa 20:9, 10
Pwo. 26:27Est 7:10; Sm 9:15; Pw 28:10; Ekl 10:8
Pwo. 26:28Pw 29:5
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
  • 18
  • 19
  • 20
  • 21
  • 22
  • 23
  • 24
  • 25
  • 26
  • 27
  • 28
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Pwovèb 26:1-28

Pwovèb

26 Menm jan pa konn gen nèj nan sezon chalè e menm jan lapli pa bon nan moman rekòt,

Se konsa tou moun sòt pa fèt pou jwenn onè+.

 2 Menm jan yon zwazo pa kouri san rezon e yon iwondèl pa vole san rezon,

Se konsa tou malediksyon pa tonbe sou moun san pa gen bonjan rezon pou sa*.

 3 Fwèt la pou bat cheval, baboukèt la pou met nan bouch bourik+,

E baton* la pou do moun ki sòt+.

 4 Pa reponn moun ki sòt la pou bagay moun sòt l ap di

Pou w pa vin menm jan avè l*.

 5 Reponn moun ki sòt la pou bagay moun sòt l ap di,

Konsa, li pap panse li gen sajès+.

 6 Yon moun ki koupe pye l fè tèt li mechanste*

Menm jan ak yon moun ki bay yon moun sòt regle yon bagay pou li.

 7 Menm jan yon moun ki domaje nan pye* ap bwete,

Se konsa yon pwovèb ye nan bouch yon moun ki sòt+.

 8 Menm jan yo mete yon wòch nan yon flonn,

Se konsa sa ye lè yo bay yon moun ki sòt glwa+.

 9 Menm jan ak yon bwa pikan nan men yon moun ki sou,

Se konsa yon pwovèb ye nan bouch moun ki sòt.

10 Yon moun ki bay yon moun sòt oswa yon moun k ap pase travay

Sanble ak yon moun k ap tire flèch pou blese moun san kontwòl*.

11 Menm jan yon chen retounen nan vomisman l,

Se konsa moun ki sòt la refè menm bagay moun sòt li yo+.

12 Ou konn wè yon moun ki panse l gen sajès+?

Ebyen, gen plis espwa pou moun sòt la korije pase l.

13 Parese a di: “Gen yon lyon nan wout la!

Gen yon lyon sou plas la+!”

14 Yon pòt ap vire tounen sou gon l*,

E parese a ap vire sou kabann li+.

15 Parese a foure men l nan yon bòl manje,

Men, li twò fatige pou l leve men l met nan bouch li+.

16 Moun ki parese a panse li gen plis sajès

Pase sèt moun ki bay yon repons ki gen sans.

17 Yon moun k ap pase e ki vin fache pandan l antre nan yon diskisyon* ki pa pou li

Sanble ak yon moun ki kenbe zòrèy yon chen+.

18 Tankou yon moun fou k ap tire lans, flèch ak lanmò*,

19 Se konsa yon moun k ap twonpe moun aji, epi li di: “Se jwe m t ap jwe+!”

20 Kote ki pa gen bwa, dife mouri,

E kote ki pa gen moun k ap pale moun mal, kont sispann+.

21 Menm jan yo met chabon nan dife e yo met bwa nan dife pou l ret limen,

Se konsa tou yon moun ki renmen kont toujou ap pouse dife+.

22 Pawòl yon moun k ap pale moun mal tankou yon ti manje ki gou*,

Li desann tou dwat nan vant moun+.

23 Ajan yo soufle sou yon veso ann ajil

Sanble ak bèl pawòl ki sot nan bouch moun* ki gen move kè+.

24 Yon moun ki rayi moun pa kite moun konprann sa nan pawòl l ap di,

Men, li kache move plan l nan kè l.

25 Menmsi l ap di bèl pawòl, pa kwè l,

Paske li gen sèt move bagay nan kè l*.

26 Menmsi l ap fè riz pou l kache rayisman li genyen an,

Y ap fè konnen jan l mechan nan mitan moun ki rasanble yo.

27 Yon moun ki fouye yon twou ap tonbe ladan l,

E yon moun ki woule yon wòch, wòch la ap tounen vin sou li+.

28 Yon moun k ap bay manti rayi moun l ap kraze ak lang li yo,

E yon moun k ap flate moun ap lakòz malè+.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje