-
Egzòd 10:23Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
23 Ejipsyen yo pa t kapab wè youn lòt, e pandan twa jou, yo pa t deplase kite kote yo te ye a. Men, te gen limyè kote Izrayelit yo te rete a+.
-
-
Egzòd 11:7Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
7 Men, anyen mal pap rive ni Izrayelit yo, ni bèt yo genyen yo. Menm yon chen pap jape yo. Lè sa a, n ap konnen Jewova kapab fè diferans ant Ejipsyen yo ak Izrayelit yo+.’
-
-
Egzòd 12:13Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
13 Lè m ap frape peyi Ejip, san an ap sèvi kòm siy sou kay kote nou rete yo. Lè m wè san an, m ap pase anlè tèt kay la e flewo a pap vin sou nou pou l detwi nou+.
-