-
Egzòd 33:1, 2Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
33 Apre sa, Jewova di Moyiz: “Ou menm ak pèp ou te fè kite peyi Ejip la, nou mèt leve kite kote nou ye a. Pran wout pou n al nan peyi mwen te fè Abraram, Izarak ak Jakòb sèman se desandan* yo mwen t ap bay li a+. 2 M ap voye yon zanj devan nou+ e l ap mete moun Kanaran yo, Amorit yo, desandan Èt yo, Perizit yo, Ivit yo ak moun Jebis yo+ deyò nan peyi a.
-
-
Detewonòm 7:1Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
7 “Lè Jewova, Bondye nou an, mennen nou nan peyi nou pral antre pou n pran kòm byen+ pa nou an, l ap kouri dèyè yon seri nasyon ki gen anpil moun ladan yo+: desandan Èt yo, Gigachit yo, Amorit yo+, moun Kanaran yo, Perizit yo, Ivit yo ak moun Jebis yo+. Sèt nasyon sa yo gen plis moun pase nou e yo pi pisan pase nou+.
-
-
Neyemi 9:7, 8Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
7 Ou se Jewova, vrè Dye a, ki te chwazi Abram+, ou te fè l kite vil Ou+, nan peyi moun Kalde yo, e w te vin rele l Abraram+. 8 Ou te wè l fidèl avè w+, ou te fè yon alyans avè l pou w ba l peyi moun Kanaran yo, peyi desandan Èt yo, peyi Amorit yo, peyi Perizit yo, peyi moun Jebis yo ak peyi Gigachit yo pou l bay desandan l yo*+. Epi ou te kenbe pwomès ou te fè yo, paske ou gen jistis lakay ou.
-