-
Levitik 16:5, 6Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
5 “Li dwe pran de jenn bouk kabrit nan men Izrayelit yo+ pou l ofri kòm sakrifis pou peche e li dwe pran yon mal mouton nan men yo pou l ofri kòm sakrifis l ap boule nèt.
6 “Apre sa, Arawon ap prezante towo bèf l ap ofri pou tèt li kòm sakrifis pou peche a pou l ka jwenn padon pou tèt li+ e pou moun lakay li.
-
-
Levitik 16:18, 19Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
18 “Apre sa, l ap soti, li pral bò kot lotèl la+, ki devan Jewova, l ap pirifye l, l ap pran enpe nan san towo bèf la ak enpe nan san kabrit la e l ap mete l sou chak kòn lotèl la. 19 Epitou, l ap voye enpe nan san an ak dwèt li sèt fwa sou lotèl la, l ap pirifye l e l ap mete l apa poutèt aksyon ki pa pwòp Izrayelit yo fè yo.
-