-
Levitik 4:8-10Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
8 “‘Apre sa, l ap retire tout grès ki nan towo bèf li te ofri kòm sakrifis pou peche a, sa gen ladan l grès ki kouvri trip yo ak tout grès ki antoure trip yo, 9 de ren yo ak grès ki sou yo a ki toupre do bèt la ansanm ak grès ki sou fwa a+. 10 L ap retire menm grès li retire nan towo bèf yo bay kòm sakrifis kominyon an*+. Prèt la ap boule yo sou lotèl pou ofri sakrifis y ap boule nèt yo.
-
-
1 Samyèl 2:16, 17Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
16 Lè moun nan di l: “Kite yo fin boule grès yo pou fè lafimen monte anvan+, apre sa ou mèt pran sa w vle*”, lè sa a, li reponn li: “Non. Ban mwen l kounye a. Si w pa ban mwen l, m ap pran l ak fòs mwen!” 17 Konsa, peche sèvitè yo te vin anpil devan Jewova+, paske mesye yo pa t gen okenn respè pou ofrann Jewova a.
-