-
Levitik 5:11, 12Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
11 “‘Si moun nan pa gen ase lajan pou l achte de toutrèl oswa de jenn pijon, l ap ofri yon dizyèm efa*+ bon farin kòm ofrann pou peche a. Li pap melanje l ak luil, ni li pap mete lansan blan sou li, paske se yon ofrann pou peche. 12 L ap pote l bay prèt la e prèt la ap pran yon ponyen ladan l kòm yon echantiyon pou l boule sou lotèl la anlè sakrifis yo boule pou Jewova a. Se yon ofrann pou peche.
-