BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Egzòd 29:38-41
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 38 “Men sa w ap ofri sou lotèl la: de mal mouton ki gen ennan. W ap fè sa chak jou, san sote yon jou+. 39 W ap ofri youn nan mouton yo nan maten, e w ap ofri lòt la nan aswè anvan l fin fè nwa*+. 40 Lè w ap ofri premye mouton an, w ap ofri yon dizyèm efa* bon farin ki melanje ak anviwon yon ka hin* bon luil, luil ki fèt ak oliv yo pile, epi w ap bay yon ka hin diven kòm ofrann. 41 Lè w ap ofri dezyèm mouton an nan aswè anvan l fin fè nwa*, w ap bay menm kantite farin nan ak menm kantite bwason w te bay kòm ofrann nan maten an. Se yon ofrann y ap boule pou Jewova, yon ofrann k ap bay yon bon sant k ap fè l plezi*.

  • Nonb 28:4-6
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 4 N ap bay yon ti mal mouton nan maten e n ap bay lòt la apre solèy fin kouche, anvan l fè nwa*+, 5 ansanm ak yon dizyèm efa* farin bon kalite ak yon ka hin* bon luil doliv kòm ofrann manje angren melanje+. 6 Se yon ofrann y ap boule nèt chak tan+, jan nou te resevwa lòd pou sa nan Mòn Sinayi. Y ap boule ofrann nan pou yon bon sant monte al jwenn Jewova pou fè l plezi*,

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje