BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Nonb 6:23-27
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 23 “Di Arawon ak pitit gason l yo: ‘Men ki jan nou dwe beni+ pèp Izrayèl la. Di yo:

      24 “Se pou Jewova beni nou+ e se pou l pwoteje nou!

      25 Se pou Jewova fè limyè ki sot nan figi l klere nou+ e se pou l fè nou favè!

      26 Se pou Jewova voye je gade nou* e se pou l ban nou lapè+!”’

      27 Epi, yo dwe sèvi ak non m lè y ap beni pèp Izrayèl la+ pou m ka beni pèp la+.”

  • Detewonòm 10:8
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 8 “Lè sa a, Jewova te mete tribi Levi a+ apa pou yo pote lach alyans Jewova a+, pou yo kanpe devan Jewova pou yo sèvi l e pou yo beni moun nan non l+, jan y ap fè sa jis jodi a.

  • Detewonòm 21:5
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 5 “Lè sa a, Levit ki prèt yo ap pwoche devan Jewova, Bondye nou an, pou yo bay benediksyon nan non Jewova+ paske se yo li chwazi pou sèvi l+. Y ap fè konnen ki jan yo dwe rezoud kèlkeswa kont ki genyen kote te gen vyolans+.

  • 1 Kwonik 23:13
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 13 Pitit gason Amram yo se te Arawon+ ak Moyiz+. Yo te met Arawon ak pitit gason l yo apa nètale+ pou yo sèvi nan Kote ki pi sen an, pou yo ofri sakrifis devan Jewova, pou yo fè sèvis yo devan l e pou yo toujou bay benediksyon nan non l+.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje