-
Levitik 9:18-20Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
18 Apre sa, Arawon touye towo bèf la ak mouton sakrifis kominyon ki te pou pèp la. Epi, pitit gason l yo ba l san an e li voye l sou chak bò lotèl la+. 19 Kanta pou moso grès ki nan towo bèf la+, ke mouton an ak grès ki sou li a, grès ki kouvri pati ki anndan yo, ren yo ak grès ki sou fwa a+, 20 pitit gason Arawon yo mete yo tout sou pwatrin bèt yo. Apre sa, Arawon boule moso grès yo sou lotèl la+.
-