31 L ap pran tout grès bèt sa a+, menm jan yo pran grès sakrifis kominyon an+ e l ap boule grès la sou lotèl la kòm yon sakrifis pou Jewova k ap bay yon bon sant k ap fè l plezi. Prèt la ap ofri l pou l pirifye moun nan anba peche l fè a e moun nan ap jwenn padon pou peche a.