BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Levitik 21:22
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 22 Li kapab manje nan manje yo bay Bondye kòm ofrann yo, kit se nan sa ki pi sakre yo+, kit se nan sa ki sakre yo+.

  • Levitik 22:10
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 10 “‘Okenn moun ki pa gen dwa pou sa* pa dwe manje nan bagay ki sakre yo+. Yon etranje k ap viv lakay yon prèt oubyen yon moun prèt la peye pou l travay pou li pa gen dwa manje nan bagay ki sakre yo.

  • 1 Samyèl 21:4
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 4 Men, prèt la reponn David: “Mwen pa gen pen ki pa sakre la a, se pen sakre sèlman ki genyen+. Depi jèn mesye yo pa t al nan fi, m ap ba ou yo+.”

  • 1 Samyèl 21:6
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 6 Konsa, prèt la te ba l pen sakre yo+, paske pa t gen lòt pen, sof pen yo te prezante devan Jewova a e yo te ranplase ak pen fre jou yo te retire l la.

  • Matye 12:3, 4
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 3 Li di yo: “Èske nou pa li ki sa David te fè lè li menm ak mesye ki te ansanm avè l yo te grangou+, 4 jan li te antre nan kay Bondye a e yo te manje pen yo konn prezante devan Bondye yo+, yon bagay ni li menm ni moun ki te avè l yo pa t gen dwa manje, alòske se prèt yo sèlman ki gen dwa manje yo+?

  • Lik 6:3, 4
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 3 Men, Jezi reponn yo: “Nou pa janm li sa David te fè lè li menm ak mesye ki te ansanm avè l yo te grangou+? 4 Li te antre nan kay Bondye a, yo te ba l pen yo te konn prezante devan Bondye yo, li te manje e li te bay mesye ki te avè l yo kèk ladan yo, alòske se prèt yo sèlman ki gen dwa manje yo+.”

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje