-
Levitik 25:4, 5Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
4 Men, setyèm ane a, nou dwe kite tè a repoze nèt. Se yon saba pou Jewova. Nou pa dwe simen okenn semans nan jaden nou, ni nou pa dwe taye branch pye rezen nou yo. 5 Nou pa dwe rekòlte sa nou jwenn ki te grandi poukont yo nan jaden nou grasa grenn ki te tonbe nan dènye rekòt la. Nou pa dwe rekòlte grap rezen ki te rete sou pye rezen nou pa t taye branch yo. Tè a dwe repoze nèt pandan yon ane.
-