-
Rit 4:4-6Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
4 Se poutèt sa mwen panse fò m ta pale avè w pou m fè w konn sa e pou m di w: ‘Achte l devan moun ki rete nan vil la e devan ansyen ki nan mitan pèp la+. Si w vle achte l*, ou mèt achte l. Men, si w pa vle, fè m konnen. Se ou menm an premye ki gen dwa pou w achte l. Apre w, se mwen.’” Lè sa a, misye di l: “Mwen vle achte l+.” 5 Apre sa, Bowaz di: “Lè w achte teren an nan men Nawomi, se nan men Rit, moun peyi Mowab la, madanm defen an, w ap achte l tou, yon fason pou eritaj defen an rete sou non l+.” 6 Lè misye tande sa, li di: “Mwen pa kapab achte l, paske mwen pè pou m pa pèdi nan eritaj pa m nan. Mwen ba w dwa achte l nan plas mwen, paske mwen pa kapab achte l.”
-