-
Levitik 25:15, 16Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
15 Lè n ap achte yon tè nan men yon pwochen nou, nou dwe pran an konsiderasyon kantite ane ki pase depi ane Liberasyon an. Pri l ap vann nou tè a dwe koresponn ak kantite ane rekòt ki rete anvan pwochen ane Liberasyon an rive+. 16 Lè gen anpil ane ki rete, l ap ka monte pri l ap vann li an. Men, lè pa gen anpil ane ki rete, li dwe bese pri l ap vann li an, paske sa l ap vann nou an se kantite rekòt tè a ap bay.
-