BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • 2 Wa 25:9, 10
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 9 Li boule kay Jewova a+, kay* wa a+ ak tout lòt kay ki nan Jerizalèm yo+. Li boule kay tout moun nan vil la ki te gen gwo pozisyon yo+. 10 Apre sa, lame moun Kalde yo ki te avèk chèf gad yo kraze miray ki antoure Jerizalèm yo+.

  • 2 Kwonik 36:17
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 17 Se sa k fè li te fè wa moun Kalde yo+ vin atake yo. Wa a te touye jèn gason yo ak kout epe+ nan tanp lan+. Li pa t gen pitye ni pou jèn gason, ni pou vyèj, ni pou granmoun ni pou moun ki enfim+. Bondye te lage tout bagay nan men l+.

  • Neyemi 2:3
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 3 Epi, mwen di wa a: “Se pou wa a viv lontan! Ki jan m ta fè pa parèt tris piske vil kote yo antere zansèt mwen yo boule, li anba dekonm, epi pòtay li yo fin boule+?”

  • Ezayi 1:7
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    •  7 Peyi nou an vid.

      Yo met dife nan vil nou yo.

      Moun ki sot nan lòt peyi fin manje tout sa k nan peyi a devan je nou+.

      Li tankou yon peyi moun lòt nasyon fin kraze ki pa gen anyen ladan l+.

  • Jeremi 4:7
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    •  7 Ènmi an soti tankou yon lyon ki te kache nan raje+.

      Sila a ki pral detwi nasyon yo soti+,

      Li kite kote l te ye a pou l vin fè peyi nou an tounen yon kote ki fè moun sezi.

      L ap kraze vil nou yo. Pap gen moun ki ret ladan yo ankò+.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje