-
Jozye 17:3, 4Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
3 Men, Selofeyad+, pitit gason Efè ki te pitit gason Galaad, li menm ki te pitit gason Maki, pitit gason Manase, pa t gen pitit gason. Se pitit fi sèlman li te genyen. Men non pitit fi l yo: Mala, Nowa, Ogla, Milka ak Titsa. 4 Konsa, medam yo t al devan Eleyaza+, prèt la, devan Jozye, pitit gason Noun nan, e devan chèf fanmi yo, yo te di: “Se Jewova ki te bay Moyiz lòd pou l ban nou yon eritaj pami frè nou yo+.” Se sa k fè, dapre lòd Jewova te bay la, yo te resevwa yon eritaj nan fanmi papa yo+.
-