14 Apre sa, Jewova di Moyiz: “Gade, jou pou w mouri a pa lwen rive+. Rele Jozye, epi al nan tant reyinyon an avèk li pou m ka mete l chèf nan plas ou+.” Vrèmanvre, Moyiz ak Jozye ale nan* tant reyinyon an.
23 Mete sou sa, Bondye te met Jozye+, pitit gason Noun nan, chèf nan plas li. Li te di l: “Mete kouraj sou ou e mete kran sou ou+ paske se ou k ap mennen Izrayelit yo nan peyi mwen te fè sèman m ap ba yo l la+. M ap toujou avèk ou.”