4 Kounye a, Jewova, Bondye nou an, fè frè nou yo jwenn lapè, jan l te pwomèt yo a+. Se sa k fè kounye a, nou mèt tounen nan tant nou yo, nan peyi Moyiz, sèvitè Jewova a, te ban nou kòm eritaj sou lòt bò* Rivyè Jouden an+.
9 Apre sa, desandan Ribenn yo ak desandan Gad yo ansanm ak mwatye nan tribi Manase a kite lòt Izrayelit yo nan Silo, nan peyi Kanaran, epi yo retounen nan Galaad+, peyi yo te ba yo pou yo abite a, dapre lòd Jewova te bay Moyiz pou l bay+.