-
Egzòd 23:31-33Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
31 “M ap fè fwontyè n yo soti depi Lanmè Wouj rive nan lanmè moun Filisti yo e depi nan dezè a rive nan Rivyè a*+, paske m ap lage moun ki abite nan peyi a nan men nou e n ap chase yo+. 32 Nou pa dwe fè alyans ansanm avèk yo ni avèk dye y ap sèvi yo+. 33 Yo pa dwe abite nan peyi nou an, yon fason pou yo pa fè n peche kont mwen. Si n sèvi dye y ap sèvi yo, se sèten sa ap tounen yon pyèj pou nou+.”
-
-
Detewonòm 7:3, 4Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
3 Nou pa dwe marye avèk yo. Pinga nou bay pitit fi nou yo pou yo marye ak pitit gason yo, ni pinga nou pran pitit fi yo pou nou marye yo ak pitit gason nou+. 4 Paske, y ap detounen pitit nou yo, y ap fè yo sispann suiv mwen pou y al sèvi lòt dye+. Lè sa a, Jewova ap an kòlè anpil kont nou e l ap detwi nou san pèdi tan+.
-
-
Jozye 23:12, 13Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
12 “Men, si nou vire do bay Bondye pou n al nan tèt ansanm ak rès moun nan nasyon sa yo ki abite bò kote nou yo+, e nou marye avèk yo*+, epi nou nan zanmitay ak yo, 13 nou mèt sèten, Jewova, Bondye nou an, pap kontinye mete nasyon sa yo deyò* pou nou+. Y ap vin tounen yon pèlen ak yon pyèj pou nou, e y ap vin tounen yon fwèt nan kò nou+ ak yon pikan nan je nou, jiskaske nou fin peri nan bon peyi sa a Jewova, Bondye nou an, ban nou an.
-