BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Jenèz 10:19
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 19 Se konsa, fwontyè moun Kanaran yo te soti depi Sidon rive jis Gera+, toupre Gaza+, li kontinye rive jis Sodòm ak Gomò+, Adma ak Seboyim+ ki toupre Lacha.

  • Detewonòm 4:38
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 38 Li te kouri dèyè yon seri nasyon ki te gen plis moun pase nou e ki te gen plis fòs pase nou pou l te ka fè nou antre nan peyi nasyon sa yo e pou l te ka ban nou peyi yo kòm eritaj jan l deja ap fè sa pou nou jodi a+.

  • Jozye 1:4
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 4 Tèritwa w la ap soti depi nan dezè a, toupre Liban, rive jis nan gwo rivyè a, Rivyè Efrat, sètadi tout peyi desandan Èt yo+, e l ap rive nan Gwo Lanmè a*, nan direksyon lwès*+.

  • Jozye 14:1
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 14 Ebyen, se tèritwa sa yo Eleyaza, prèt la, ak Jozye, pitit gason Noun nan, ansanm ak chèf fanmi nan tribi Izrayèl yo te bay Izrayelit yo, e se sa yo te resevwa kòm eritaj nan peyi Kanaran+.

  • Jeremi 3:19
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 19 Mwen te reflechi e m te di: ‘M ap mete nou nan mitan pitit mwen yo, m ap ban nou yon bon peyi, pi bèl peyi ki genyen nan mitan nasyon yo*+!’ Mete sou sa, nou tout ap rele m ‘Papa’ e nou pap sispann suiv mwen.

  • Travay 17:26
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 26 Li sèvi ak yon sèl moun+ pou l fè moun tout nasyon, pou yo abite sou tout kò tè a+. Li fikse tan, e li mete limit kote pou moun rete+,

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje