-
Levitik 25:32-34Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
32 “‘Kanta pou vil Levit yo ak kay ki nan vil ki pou Levit yo+, Levit yo ap toujou gen dwa pou yo reyachte yo. 33 Si yon Levit pa ka reyachte yon kay li te vann nan vil Levit yo, kay la ap retounen pou li nan ane Liberasyon an+, paske se kay ki nan vil Levit yo ki byen pa yo pami Izrayelit yo+. 34 Yon lòt bò, yo pa dwe vann tè+ ki toutotou vil Levit yo, paske tè sa yo se byen yo pou toutan.
-