-
Jozye 20:2, 3Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
2 “Men sa pou w di Izrayelit yo: ‘Chwazi yon seri vil pou moun al pran refij+, jan m te di Moyiz pou l di w la, 3 yon fason pou moun ki touye yon moun* san l pa t gen entansyon fè sa oswa san l pa t fè espre* ka kouri al ladan yo. Epi, vil sa yo ap sèvi kòm refij pou moun k ap tire revanj pou san moun yo touye a pa touye nou+.
-
-
Jozye 20:7, 8Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
7 Se sa k fè, yo te fè Kedès+ ki nan Galile, nan zòn ki gen mòn nan tèritwa Neftali a, vin yon vil sakre*, ansanm ak Sichèm+, nan zòn ki gen mòn nan Efrayim yo, ak Kiriyataba+, sètadi Ebwon, nan zòn ki gen mòn nan Jida yo. 8 Yo te chwazi Bezè+, ki nan lès Jeriko, nan zòn Rivyè Jouden an, nan dezè ki nan platon nan tèritwa tribi Ribenn nan, Ramòt+ ki nan vil Galaad, nan tèritwa tribi Gad la, ak Golan+ ki nan Bazan, nan tèritwa tribi Manase a+.
-