-
Detewonòm 19:11, 12Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
11 “Men, si yon moun rayi yon pwochen l+, li rete yon kote ap tann li pou l ka atake l, li blese l* grav, epi pwochen l lan mouri, si moun nan kouri al nan youn nan vil sa yo, 12 ansyen ki nan vil li t ap viv la dwe voye chèche l kote l ye a pou yo lage l nan men moun k ap tire revanj pou san moun yo touye a e li dwe mouri+.
-
-
Jozye 20:9Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
9 Se vil sa yo yo te bay pou tout Izrayelit yo ak tout moun ki te abite kòm etranje pami Izrayelit yo al pran refij, yon fason pou nenpòt moun ki ta touye yon moun* san l pa gen entansyon fè sa ka kouri al ladan yo+ pou moun k ap tire revanj pou san moun yo touye a pa touye moun ki touye moun nan san yo pa jije l devan pèp la+.
-