BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Egzòd 21:12, 13
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 12 “Si yon moun frape yon moun e moun sa a mouri, yo dwe touye l tou+. 13 Men, si l pa t fè espre, e vrè Dye a kite sa rive, m ap ban nou yon kote l ap ka ale pou l chape poul li+.

  • Detewonòm 19:4, 5
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 4 “Men sa ki dwe fèt lè yon moun ki touye yon moun sove al nan youn nan vil sa yo pou l sove lavi l: Si li touye yon pwochen l san l pa fè espre e san l pa t rayi l anvan sa+. 5 Pa egzanp, si l al nan yon rak bwa ak yon pwochen l pou l koupe bwa, epi pandan l leve rach li pou l koupe yon pyebwa, tèt rach la chape kite manch lan l al frape pwochen l lan e pwochen l lan mouri, li dwe kouri al nan youn nan vil sa yo pou l ka sove lavi l+.

  • Jozye 20:2, 3
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 2 “Men sa pou w di Izrayelit yo: ‘Chwazi yon seri vil pou moun al pran refij+, jan m te di Moyiz pou l di w la, 3 yon fason pou moun ki touye yon moun* san l pa t gen entansyon fè sa oswa san l pa t fè espre* ka kouri al ladan yo. Epi, vil sa yo ap sèvi kòm refij pou moun k ap tire revanj pou san moun yo touye a pa touye nou+.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje