-
Nonb 3:36, 37Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
36 Pitit gason Merari yo te gen responsablite pou yo siveye ankadreman+ ki soutni tabènak la, travès li yo+, poto l yo+, sipò ki anba poto yo, tout veso l yo+ ak tout travay ki gen rapò ak bagay sa yo+, 37 ansanm ak poto ki te toutotou lakou a ak baz poto l yo+, pikèt tant lan genyen yo ansanm ak kòd tant lan genyen yo.
-
-
Nonb 4:31-33Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
31 Men sa yo responsab+ anrapò ak sèvis yo nan tant reyinyon an: ankadreman+ tabènak la genyen yo, travès li yo+, poto l yo+, sipò ki anba poto l yo+, 32 poto+ ki toutotou lakou a, sipò ki anba poto sa yo+, pikèt tant lan genyen yo+, kòd li yo ansanm ak tout ekipman l yo ak tout travay ki gen rapò ak bagay sa yo. W ap ba yo non ekipman yo responsab pou yo pote yo. 33 Se travay sa yo moun ki nan fanmi pitit gason Merari yo+ dwe fè nan tant reyinyon an, e se Itama, pitit gason Arawon, prèt la+, k ap dirije travay y ap fè yo.”
-