-
Nonb 3:9Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
9 Ou dwe fè Levit yo travay ak Arawon ansanm ak pitit gason l yo. Se Bondye ki mete yo apa pami Izrayelit yo+ pou yo travay ak Arawon.
-
-
1 Kwonik 23:32Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
32 Epitou, yo te fè travay yo te gen pou yo fè nan sèvis yo anrapò ak tant reyinyon an, anrapò ak kote ki sakre a, e anrapò ak pitit gason Arawon yo nan sèvis ki te gen pou fèt nan kay Jewova a.
-
-
Ezekyèl 44:11Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
11 Apre sa, y ap sèvi nan tanp mwen an. Y ap veye pòtay tanp lan+ e y ap fè lòt sèvis ankò. Y ap touye bèt moun nan pèp la bay kòm sakrifis yo boule nèt yo ansanm ak bèt yo bay pou lòt sakrifis e y ap kanpe devan moun yo pou yo sèvi yo.
-