-
Egzòd 17:9Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
9 Lè Moyiz wè sa, li di Jozye+: “Chwazi kèk gason pami pèp la epi al goumen ak moun Amalèk yo. Demen, m ap kanpe sou tèt ti mòn nan avèk baton vrè Dye a nan men m.”
-
-
Nonb 27:18-20Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
18 Lè sa a, Jewova di Moyiz: “Pran Jozye, pitit gason Noun nan, yon nonm ki responsab, epi poze men w sou li+. 19 Apre sa, fè l kanpe devan Eleyaza, prèt la, ak devan tout pèp la, e ou dwe mete l chèf devan yo tout+. 20 Ou dwe ba l yon pati nan otorite* ou genyen an+ pou tout pèp Izrayèl la ka obeyi l+.
-