-
Nonb 3:25, 26Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
25 Men responsablite pitit gason Gèchon yo+ te genyen nan tant reyinyon an: Yo te gen pou yo pran swen tabènak la ak tant lan+, tout sa ki te kouvri tant lan+, rido+ ki nan antre tant reyinyon an, 26 rido+ ki bare lakou a, rido+ ki nan antre lakou ki toutotou tabènak la ak lotèl la ansanm ak kòd tant lan, e yo te gen pou yo fè tout travay ki gen rapò ak bagay sa yo.
-
-
Nonb 3:30, 31Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
30 Chèf moun ki sot nan fanmi Keyat yo, selon fanmi yo bò kot papa, se te Elizafan, pitit Ouzyèl+. 31 Yo te gen responsablite pou yo pran swen Lach la+, tab la+, pòtlanp lan+, lotèl yo+, bagay yo+ te konn itilize nan sèvis yo t ap fè nan kote ki sakre a, rido a+, e yo te gen pou yo fè tout travay ki gen rapò ak bagay sa yo+.
-
-
Nonb 3:36, 37Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
36 Pitit gason Merari yo te gen responsablite pou yo siveye ankadreman+ ki soutni tabènak la, travès li yo+, poto l yo+, sipò ki anba poto yo, tout veso l yo+ ak tout travay ki gen rapò ak bagay sa yo+, 37 ansanm ak poto ki te toutotou lakou a ak baz poto l yo+, pikèt tant lan genyen yo ansanm ak kòd tant lan genyen yo.
-