-
Egzòd 29:32Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
32 Arawon ak pitit gason l yo ap manje+ vyann mouton an ansanm ak pen ki nan pànye a devan tant reyinyon an.
-
-
Levitik 6:14Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
14 “‘Men lwa konsènan ofrann manje angren an+: Se pitit gason Arawon yo k ap ofri l bay Jewova devan lotèl la.
-
-
Levitik 10:12, 13Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
12 Apre sa, Moyiz rele Arawon ak pitit gason Arawon ki te rete yo, Eleyaza ak Itama, e li di: “Pran manje angren ki rete nan ofrann yo boule pou Jewova yo epi fè pen san ledven avè l pou nou manje toupre lotèl la+, paske se yon bagay ki sen anpil+. 13 N ap manje l yon kote ki sakre+, paske se pòsyon pa w e se pòsyon pitit gason w yo ki soti nan sakrifis yo boule pou Jewova yo, paske se lòd sa a mwen resevwa.
-