BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Egzòd 23:19
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 19 “Nou dwe pote sa k pi bon nan premye danre nou rekòlte nan jaden n yo lakay Jewova, Bondye nou an+.

      “Nou pa dwe bouyi yon ti kabrit nan lèt manman l+.

  • Nonb 15:18, 19
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 18 “Pale ak Izrayelit yo, di yo: ‘Lè nou antre nan peyi m ap mennen nou an, 19 kèlkeswa manje* n ap manje ki fèt nan peyi a+, nou dwe pran ladan l pou n fè ofrann pou Jewova.

  • Nonb 18:11
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 11 Men lòt bagay ki pou ou: kado Izrayelit yo pote+ ansanm ak tout ofrann balanse+ yo bay. Mwen bay ni ou menm, ni pitit gason w yo, ni pitit fi w yo bagay sa yo kòm pòsyon n ap toujou resevwa+. Tout moun lakay ou ki pwòp ka manje ladan l+.

  • Nonb 18:26
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 26 “Ou dwe di Levit yo: ‘N ap resevwa yon dizyèm nan tout bagay nan men Izrayelit yo kòm pòsyon pa nou+ e nou dwe bay yon dizyèm nan dizyèm nou resevwa a kòm ofrann pou Jewova+.

  • Nonb 31:28, 29
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 28 Nan pati ki pou sòlda ki sot nan lagè yo, sou chak 500 pami moun yo, bèf yo, bourik yo, mouton yo ak kabrit yo, nou dwe pran yon nanm* pou Jewova. 29 Se nan mwatye ki pou mesye ki t al nan lagè yo nou dwe pran kontribisyon n ap bay Eleyaza, prèt la, pou Jewova+.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje