-
Ebre 9:9, 10Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
9 Tant sa a se yon senbòl ki gen rapò ak tan ki fikse a, tan nou ye kounye la a+, e yo kontinye ofri Bondye ni kado ni sakrifis ann amoni ak dispozisyon sa a+. Sepandan, bagay sa yo pa ka bay moun k ap fè sèvis sakre a yon konsyans ki klè+. 10 Yo gen rapò sèlman ak manje, ak bwason ak divès batèm*+. Se bagay Lalwa te egzije ki konsène kò a+, e moun te oblije suiv yo jiskaske tan ki fikse pou yo mete bagay yo annòd la rive.
-
-
Ebre 9:13, 14Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
13 Paske, si san kabrit ak san towo bèf+ ansanm ak sann jenn gazèl bèf yo konn voye sou moun ki pa t pwòp ka fè yo vin sen pou pirifye chè yo+, 14 nou pa bezwen mande ki jan san Kris la+, Kris ki te ofri tèt li san tach bay Bondye grasa yon espri ki etènèl, ap netwaye konsyans nou pou li retire zèv ki san valè yo+, yon fason pou nou ka bay Bondye vivan an yon sèvis sakre+!
-