BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Egzòd 14:11
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 11 Yo te di Moyiz: “Èske se paske pa gen kote pou yo antere nou nan peyi Ejip ki fè ou mennen nou isit la pou n mouri nan dezè a+? Ki sa w fè n konsa? Poukisa w fè n kite peyi Ejip?

  • Egzòd 17:3
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 3 Pèp la te swaf anpil e yo te kontinye ap plenyen kont Moyiz+. Yo t ap di l: “Poukisa w te fè nou kite peyi Ejip pou w fè swaf dlo touye nou isit la ansanm ak pitit nou yo ak bèt nou yo?”

  • Nonb 16:13, 14
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 13 Èske se pa anyen sa ye pou w fè nou kite yon peyi kote lèt ak siwo myèl ap koule pou w vin touye nou nan dezè a+? Kounye a, èske w vle pou se ou menm ankò ki sèl chèf sou nou*? 14 An reyalite, ou pa mennen nou nan okenn peyi kote lèt ak siwo myèl ap koule+ e ou pa ban nou okenn tè ak okenn jaden rezen kòm byen. Èske se pete w vle pete je mesye sa yo? Nou pap vini!”

  • Nonb 21:5
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 5 Moun yo te kontinye ap pale kont Bondye ak Moyiz+, yo t ap di: “Poukisa nou te fè nou monte kite peyi Ejip pou nou vin mouri nan dezè a? Pa gen ni manje ni dlo isit la+, epi nou* vin rayi* vye manje sa a+.”

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje