-
Nonb 22:10, 11Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
10 Balaam reponn vrè Dye a, li di l: “Se Balak, pitit gason Zipò a, wa peyi Mowab la, ki voye yon mesaj ban mwen, li voye di m: 11 ‘Men pèp ki sot ann Ejip la kouvri tout tè a. Vin lage malediksyon sou yo pou mwen+. Petèt m ap ka batay avèk yo pou m mete yo deyò nan peyi a.’”
-
-
Nonb 23:11Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
11 Lè sa a, Balak di Balaam: “Ki sa w fè m la a? Mwen voye chèche w pou w lage malediksyon sou ènmi m yo, men kounye a mwen wè se beni sèlman w ap beni yo+!”
-
-
Neyemi 13:1, 2Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
13 Nan jou sa a, yo te li liv Moyiz la pou pèp la+ te ka tande, e selon sa ki te ekri ladan l, okenn moun nan desandan Amon+ oswa okenn moun peyi Mowab pa dwe janm vin fè pati pèp vrè Dye a+, 2 paske yo pa t vin rankontre Izrayelit yo, ni yo pa t pot pen ak dlo pou yo. Olye de sa, yo te peye Balaam pou l lage malediksyon sou yo+. Men, Bondye nou an te fè malediksyon yo a tounen benediksyon+.
-