-
Egzòd 22:20Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
20 “Kèlkeswa moun ki fè sakrifis pou yon lòt dye apa Jewova, se pou yo touye moun sa a+.
-
-
Egzòd 32:25Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
25 Moyiz te wè jan pèp la te vin san kontwòl. Arawon te kite pèp la fè sa l vle e ènmi pèp la te vin mal wè pèp la.
-
-
Egzòd 32:27Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
27 Epi, li di yo: “Men sa Jewova, Bondye Izrayèl la, di: ‘Se pou nou chak pran epe nou e se pou nou pase nan tout kan an, sot nan yon antre al nan yon lòt, pou nou touye frè nou, vwazen nou ak bon zanmi nou+.’”
-
-
Detewonòm 13:6-9Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
6 “Si yon frè nou, pitit manman nou, yon pitit gason nou oswa yon pitit fi nou, madanm nou nou renmen anpil oswa pi bon zanmi nou* ta chèche pran tèt nou an sekrè, e l ta di nou: ‘Ann al sèvi lòt dye+’, yon seri dye ni nou menm ni zansèt nou yo pa t konnen, 7 yon seri dye pèp ki toutotou nou yo ap sèvi, pèp ki toupre nou oswa ki lwen nou, kèlkeswa kote yo soti nan peyi a, 8 nou pa dwe dakò avè l, nou pa dwe koute l+, nou pa dwe gen pitye pou li, nou pa dwe gen konpasyon pou li, ni nou pa dwe pwoteje l. 9 Olye de sa, nou dwe touye l san mank+. Se moun l ap eseye pran tèt li a ki dwe met men sou li an premye pou l touye l. Apre sa, pèp la ap ede moun sa a touye l+.
-