BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Egzòd 15:11
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 11 O Jewova, kiyès ki tankou w pami dye yo+?

      Kiyès ki tankou w? Ou menm ki montre jan w sen anpil+,

      Ou menm ki merite pou moun gen lakrentif pou ou e pou moun chante pou yo fè louwanj pou ou, ou menm ki fè yon seri bagay estrawòdinè+.

  • 2 Samyèl 7:22
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 22 Se sa k fè ou vrèman gran+, o Jewova, Seyè ki Souvren an. Pa gen pèsonn tankou w+ e pa gen Dye sof ou menm+. Tout sa nou tande ak zòrèy nou montre sa.

  • 1 Wa 8:23
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 23 e li di: “O Jewova, Bondye Izrayèl la, pa gen Dye ki tankou w+, ni anwo nan syèl la, ni sou tè a, paske w kenbe alyans ou fè ak pèp ou a e w montre yon lanmou ki fidèl+ pou sèvitè w yo k ap sèvi w ak tout kè yo+.

  • Sòm 86:8
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    •  8 Pa gen okenn dye ki tankou w, o Jewova+.

      Aksyon w fè yo san parèy+.

  • Jeremi 10:6, 7
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    •  6 O Jewova, pa gen pèsonn tankou w+.

      Ou san parèy. Non w gran e li montre pisans ou.

       7 Ki moun ki ka pa gen lakrentif pou ou, ou menm ki Wa tout nasyon yo+? Ou merite sa.

      Paske, pami tout moun ki gen sajès nan nasyon yo e pami tout wayòm ki genyen yo,

      Pa gen pèsonn tankou w+.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje