-
Jenèz 12:1-3Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
12 Epi, Jewova di Abram: “Kite peyi w, kite fanmi w ak lakay papa w pou w al nan peyi mwen pral montre w la+. 2 M ap fè w vin yon gwo nasyon, m ap beni w, m ap fè w vin gen yon gran non e m ap fè w vin yon benediksyon+ pou lòt moun. 3 M ap beni moun ki beni w, m ap modi moun ki mande malediksyon pou ou+. Tout fanmi sou tè a ap jwenn benediksyon san mank grasa ou+.”
-
-
Jenèz 22:15Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
15 Epi, zanj Jewova a rele Abraram yon dezyèm fwa detan nan syèl la,
-
-
Jenèz 26:3, 4Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
3 Ou dwe rete nan peyi sa a kòm etranje+. M ap toujou avèk ou e m ap beni w, piske m ap bay ni ou menm ni desandan w yo* tout peyi sa yo+ e m ap respekte sèman mwen te fè bay Abraram, papa w la+: 4 ‘Wi, m ap fè w gen anpil anpil desandan* tankou zetwal nan syèl la+ e m ap ba yo tout peyi sa yo+. Grasa desandan w yo*, tout nasyon sou tè a ap jwenn benediksyon+’,
-