-
Nonb 21:23, 24Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
23 Men, Siyon pa t kite pèp Izrayèl la pase nan tèritwa l la. Okontrè, Siyon te rasanble tout pèp li a e li te pati al dèyè pèp Izrayèl la nan dezè a. Lè l rive Jahaz, li kòmanse batay ak pèp Izrayèl la+. 24 Men, pèp Izrayèl la te pote laviktwa sou li ak epe+, epi yo pran peyi l la+, soti Vale Anon+ rive Vale Jabòk+ ki toupre desandan Amon yo. Li pa t rive pi lwen pase vil Jazè paske Jazè+ te gen menm fwontyè ak tèritwa desandan Amon yo+.
-
-
Jozye 12:1, 2Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
12 Men wa ki te nan peyi Izrayelit yo te pran yo, peyi yo te pran nan lès Rivyè Jouden an, soti Vale Anon+, monte Mòn Èmon+ ak tout zòn Araba a nan direksyon lès+: 2 Siyon, wa Amorit yo+, ki te abite Esbon e ki t ap dirije soti depi Awoyè+ ki te arebò Vale Anon+, epi soti depi nan mitan vale a, ak mwatye Galaad rive jis nan Vale Jabòk, ki se fwontyè desandan Amon yo.
-