BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Detewonòm 28:15
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 15 “Men, si nou pa koute Jewova, Bondye nou an, si nou pa byen suiv tout kòmandman ak tout lwa m ap ban nou jodi a, Bondye ap lage yon pakèt malediksyon sou nou+.

  • Detewonòm 28:23
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 23 Syèl la ki anlè tèt nou an ap vin tankou kuiv e tè a ki anba pye nou an ap vin tankou fè+.

  • 1 Wa 8:35, 36
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 35 “Lè syèl la sispann bay lapli+ akoz y ap plede peche kont ou+, depi yo priye w nan direksyon kay sa a, yo bay non w glwa e yo sispann peche kont ou paske ou imilye yo*+, 36 se pou w koute sèvitè w yo, pèp Izrayèl la, detan w nan syèl la, se pou w padone peche yo, se pou w aprann yo+ bon chemen yo dwe mache sou li a e se pou w fè lapli rekòmanse tonbe nan peyi+ ou te bay pèp ou a kòm eritaj la.

  • 2 Kwonik 7:13, 14
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 13 Si m fèmen syèl la pou lapli pa tonbe, si m bay gwo krikèt yo lòd pou yo manje tout sa k gen nan peyi a, si m lage yon maladi sou pèp mwen an, 14 e pèp mwen an, ki pote non m nan, imilye tèt li+, li priye m+, li chèche m, li vire do bay move bagay li t ap fè yo+, lè sa a, detan m nan syèl la, m ap tande yo, m ap padone peche yo e m ap geri peyi a+.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje